Jeremías 21
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis. 2Yo di l': -Tanpri, pale ak Seyè a pou nou, paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Seyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nèbikadneza vire do l' al fè wout li. 3Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi. Lèfini, Jeremi di mesye yo: -Men sa n' aval di wa Sedesyas pou mwen: 4Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nèbikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la. 5Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouraj mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè. 6Mwen pral touye tout moun ki rete nan lavil sa a. Mwen pral voye yon gwo maladi sou tout moun ak sou tout bèt pou yo mouri. 7Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè. 8Lèfini, w'a di pèp la men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Mwen pral mande nou pou nou chwazi ant lavi ak lanmò. 9Tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va soti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la. 10Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè. 11Men sa w'a di moun ki lakay wa peyi Jida a: -Koute pawòl Seyè a. 12Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste. 13Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Seyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n' kache a. 14Men m'ap pini nou pou sa nou fè. M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa nou yo. Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

¿Sabías que…?
La Consulta de Sedequías y el Asedio Inminente
- Ante la invasión del rey Nabucodonosor de Babilonia, el rey Sedequías de Judá envió una delegación a Jeremías esperando que Dios obrara una liberación milagrosa como en tiempos pasados. Sedequías había sido puesto en el trono por el propio Nabucodonosor y fue el último rey de Judá.Fuentes: Zedekiah · Nebuchadnezzar · el propio texto bíblico
- Entre los emisarios reales estaba Sofonías, hijo de Maasías, quien servía como segundo sacerdote durante el reinado de Sedequías. Sofonías fue enviado repetidamente por el rey a Jeremías para consultar sobre los desastres inminentes y buscar la intercesión del profeta.Fuentes: Zephaniah · Maaseiah · el propio texto bíblico
- En lugar de prometer alivio, Jeremías puso ante el pueblo el camino de la vida y el de la muerte. Aquellos que permanecieran en Jerusalén morirían por la espada, el hambre y la peste, mientras que los que se rindieran a los caldeos sitiadores conservarían la vida.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 2, 4, 7, 10
- Chaldea · 30.962, 46.104 · versículos 4, 9
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 6, 8, 9, 13
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org