Jeremías 15
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale. 2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo! 3Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo. 4M'ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a. 5Seyè a di: -Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm? Ki moun ki va pran lapenn pou nou? Ki moun ki va kite sa y'ap fè pou vin pran nouvèl nou? 6Se nou menm ki voye m' jete. Se Seyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m' sou nou pou m' detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou. 7Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la. 8Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote. 9Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l' fè ankò. M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k'ap touye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 10Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon. 11Seyè, se pou tout madichon yo rive m' vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pa t' plede avè ou pou tout lènmi m' yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sak pa bon. 12Pesonn pa ka kraze bout fè k'ap soti nan nò a, fè ki melanje ak kwiv la. 13Seyè a di m' ankò: -M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a. 14M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo nan yon peyi nou pa konnen, paske nou fè m' fè kolè. Tankou yon dife m'ap boule nou. 15Lè sa a mwen di: -Ou menm, Seyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m' non! Vin pote m' sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m' yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gen tan touye m'. Chonje se poutèt ou y'ap joure m' konsa! 16Lè ou pale avè m', mwen koute tou sa ou di m'. Pawòl ou yo, se tout plezi m'. Yo fè kè m' kontan, paske yo mete m' apa pou ou, Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a. 17Mwen pa pèdi tan m' chita ak moun k'ap bay blag pou m' pran plezi m' ak yo. Ou te pran m' anba ponyèt ou. M' mete kò m' sou kote, paske ou te fè m' fache menm jan avè ou! 18Poukisa m'ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m' blese a pa ka geri? M' pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou soti pou ou woule m'? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l' vle. 19Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m' ankò pou ou sèvi m'. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap soti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo. 20M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y'a goumen avè ou, men yo p'ap ka fè ou anyen. M'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou, pou m' delivre ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 21M'ap delivre ou anba men mechan yo, m'ap fè ou soti anba ponyèt lwijanboje yo.

¿Sabías que…?
Rechazo, lamento y promesa divina
- Dios menciona a Moisés y Samuel como los grandes intercesores de la historia de Israel, declarando que ni siquiera sus súplicas apartarían el juicio decretado sobre el pueblo.Fuentes: el propio texto bíblico · Moses · Samuel
- El desastre inminente y la dispersión de los habitantes de Jerusalén se vinculan de forma directa con los actos cometidos por el rey Manasés, hijo de Ezequías, durante su reinado en Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · Manasseh (son of Hezekiah) · Hezekiah · Jerusalem
- Jeremías lamenta su doloroso aislamiento y la hostilidad que enfrenta por proclamar la palabra de Dios, recibiendo la promesa divina de que sería establecido como un muro de bronce fortificado frente a sus adversarios.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org