Nations Bible

Jueces 2

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an. 2Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m' te di nou fè a. Gade sa nou pito fè! 3Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou. 4Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye. 5Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la. 6Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a. 7Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l' pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou. 8Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (0110 an). 9Yo antere l' sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach. 10Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la. 11Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo. 12Yo vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, Bondye ki te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo tonbe mache dèyè lòt bondye ki te fè pati bann bondye pèp ki te la toupatou bò kote yo. Y' al adore yo. Sa te fè Seyè a an kolè sou yo. 13Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo. 14Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò. 15Chak fwa y' al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè! 16Se lè sa a Seyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo. 17Men, menm chèf sa yo, yo pa t' koute yo. Yo vire do bay Seyè a, y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Seyè a. Yo pa t' koute lòd Seyè a. 18Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo. 19Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo. 20Seyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m'. 21Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò. 22Se konsa m'a wè kote m' ye ak pèp Izrayèl la. M'a konnen si wi ou non yo soti pou fè sa m' mande yo fè a jan zansèt yo te fè l' la. 23Se konsa Seyè a te kite lòt nasyon li pa t' lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyò.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El ciclo de desobediencia de Israel y los jueces

  • El nombre Boquim significa "los que lloran". El lugar, probablemente situado entre Gilgal y Silo, recibió este nombre después de que los israelitas lloraron en voz alta cuando el ángel del Señor los reprendió por pactar con los habitantes de la tierra.Fuentes: Bochim · el propio texto bíblico
  • Josué fue sepultado en Timnat-serah (o Timnat-heres, "porción del sol"), al norte del monte Gaas, en la región montañosa de Efraín. Había liderado a los israelitas tras la muerte de Moisés y murió a la edad de 110 años.Fuentes: Timnath-heres · Gaash · Joshua · el propio texto bíblico
  • El término baales es la forma plural que alude a las diversas manifestaciones locales de Baal, la principal deidad masculina de los fenicios. Jueces 2 establece el ciclo recurrente del libro: Israel abandona al Señor por dioses ajenos, cae ante sus enemigos y es librado cuando Dios levanta un juez.Fuentes: Baal · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 1, 12

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.