Jueces 15
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre. 2Li di Samson konsa: -Mwen te kwè ou te rayi l'! Se konsa, mwen pran l' bay pi bon zanmi ou lan. Men, ti sè l' la pi bèl pase l'. Ou te mèt pran ti sè a nan plas gran sè a. 3Samson di yo: -Fwa sa a, si m' fè moun Filisti yo kichòy, piga pesonn vin di m' anyen. 4L' ale, li pran twasan (0300) chen mawon. Li mare yo nan ke de pa de, ak yon bwa chandèl nan mitan ke yo. 5Apre sa, li mete dife nan bwa chandèl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dènye ble moun yo, non sèlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo. 6Lè sa a, moun Filisti yo mande: -Ki moun ki fè sa? Yo di yo: -Se Samson, bofi nonm lavil Timna a, ki fè l', paske bòpè l' te pran madan Samson, li bay yon bon zanmi Samson. Se konsa moun Filisti yo ale yo boule madanm lan ansanm ak papa l' nan kay la. 7Samson di yo: -Anhan! Se konsa nou fè sa? Bon. Mwen p'ap sispann toutotan mwen pa fin fè nou peye sa nou fè m' la a. 8Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam. 9Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki. 10Moun peyi Jida yo mande yo: -Poukisa nou vin atake nou? Yo reponn: -Nou vin isit la pou n' mare Samson, pou n' fè l' pase menm sa li te fè nou pase a. 11Lè sa a, twamil (03000) gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa? Li reponn yo: -Mwen fè yo menm sa yo te fè m' lan. 12Yo di l': -Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo. Samson di yo: -Fè m' sèman nou p'ap touye m', nou menm! 13Yo di l': -O non! N'ap annik mare ou, epi n'ap mennen ou bay moun Filisti yo. Nou p'ap touye ou! Yo pran de kòd tou nèf, yo mare l' byen mare epi yo tounen avè l' soti nan twou wòch la. 14Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife. 15Li jwenn zo machwè yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l', li pran l', li touye mil (01000) moun avè l'. 16Lèfini, li pran chante, li di: -Avèk yon zo machwè bourik mwen touye mil moun. Avèk yon zo machwè bourik mwen bat yo byen bat. 17Lè li fin di sa, li voye zo machwè bourik la jete. Li rele kote l' te ye a: Mòn zo machwè. 18Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Seyè a, li di: -Ou fin fè m' genyen bèl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen! 19Lè sa a, Bondye louvri yon twou nan tè a bò lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwè dlo, li santi l' refè. Se poutèt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jòdi a. 20Samson gouvènen pèp Izrayèl la pandan ventan sou rèy moun Filisti yo.

¿Sabías que…?
La Venganza de Sansón y la Fuente en Leji
- El nombre Leji significa quijada en hebreo. Tras vencer a mil filisteos con una quijada fresca de asno, Sansón llamó al lugar Ramat-leji, que significa elevación de la quijada o altura de Leji.Fuentes: Lehi · Ramath-lehi · el propio texto bíblico
- Cuando Sansón clamó en medio de una extrema sed y agotamiento tras la batalla, Dios abrió una hendidura en Leji para proveer agua. El manantial resultante fue llamado En-hacore, que significa fuente del que clama.Fuentes: En-hakkore · el propio texto bíblico
- Durante esta época de cuarenta años de dominio filisteo, tres mil hombres de Judá prefirieron atar a Sansón antes que desafiar a los gobernantes filisteos. Sansón juzgó a Israel durante veinte años bajo este dominio.Fuentes: Philistine Dominion · Judgeship of Samson · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ramath-lehi · Hoy: Khirbet es Siyyagh · 31.749, 35.001 · versículo 17
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org