Jueces 12
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou. 2Men Jefte di yo: -Moun pa m' yo ansanm avè m', nou te gen yon gwo kont ak moun Amon yo. Mwen te rele nou, men nou pa t' vle vin delivre m' anba men yo. 3Lè m' wè nou pa t' soti pou nou vin pote m' sekou, m' al riske vi m'. Mwen travèse al goumen ak moun Amon yo, epi Seyè a lage yo nan men m'. Poukisa pou koulye a nou moute jouk lakay mwen vin chache m' kont? 4Lè sa a menm, Jefte sanble tout gason ki nan peyi Galarad la, y' al goumen ak moun Efrayim yo. Yo bat yo byen bat. Moun Efrayim yo te konn joure moun Galarad yo. Yo te konn di: Moun Galarad yo, se yon bann trèt yo ye. Yo kite peyi yo, Efrayim, y' al rete nan peyi Manase a! 5Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l' èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non, 6lè sa a yo mande l' pou l' di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t' ka rive di l' jan yo di l' la. Lamenm yo mete men sou li, yo touye l' la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (042.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan. 7Jefte, moun Galarad la, te gouvènen pèp Izrayèl la pandan sizan. Apre sa, li mouri, epi yo antere l' nan lavil kote li te fèt la nan peyi Galarad. 8Apre Jefte, se Ibzan, moun lavil Betleyèm, ki te gouvènen pèp Izrayèl la. 9Li te gen trant pitit gason ak trant pitit fi. Li marye trant pitit fi l' yo ak moun ki pa t' nan branch fanmi l' epi li fè chache jenn fi nan lòt branch fanmi pou pitit gason l' yo. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan sètan. 10Apre sa, Ibzan mouri, yo antere l' lavil Betleyèm. 11Apre li, se Elon, moun Zabilon an, ki te gouvènen pèp Izrayèl la pandan dizan. 12Lè Elon, moun Zabilon an, mouri, yo antere l' lavil Ajalon nan peyi Zabilon. 13Apre li, se Abdon, pitit gason Ilèl, moun lavil Piraton, ki t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. 14Li te gen karant pitit gason ak trant pitit pitit gason ki te konn moute sou swasanndis ti bourik. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan witan. 15Lè Abdon, pitit gason Ilèl la, mouri, yo antere l' lavil Piraton nan peyi Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo.

¿Sabías que…?
Conflicto Tribal y Sucesión de Jueces
- El tenso enfrentamiento entre la tribu de Efraín y los galaaditas llevó a la captura de los vados del río Jordán. Como el dialecto efraimita carecía del sonido 'sh', los soldados identificaban a los fugitivos pidiéndoles que pronunciaran 'Shibólet', ejecutando a quienes decían 'Sibólet'.Fuentes: el propio texto bíblico · Gilead · Jordan
- Tras los seis años de liderazgo de Jefté, tres jueces sucesivos gobernaron a Israel: Ibzán de Belén durante siete años, Elón de Zabulón durante diez años y Abdón de Piratón durante ocho años.Fuentes: el propio texto bíblico · Ibzan · Elon · Abdon
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 1, 2, 3
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 1, 5, 6
- Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 4, 5, 7
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org