Isaías 65
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Seyè a te di: -Mwen te tou pare pou m' te reponn lapriyè pèp mwen an, menm lè yo pa t' lapriyè m'. Mwen te toupre yo, menm lè yo pa t' chache m'. Pèp la pa lapriyè nan pye m', atout mwen te toujou pare pou m' di yo: Men mwen! Men mwen! 2Chak jou mwen t'ap lonje men m' bay yon pèp ki t'ap kenbe tèt ak mwen, ki t'ap fè sa ki mal, ki t'ap fè sa yo pito. 3Nan figi m' konsa, yo t'ap plede fè bagay pou fè m' fache. Yo ofri bèt pou touye pou zidòl nan jaden yo, yo boule lansan sou lotèl zidòl yo. 4Lannwit, y' al nan simityè ak nan twou wòch pou fè sèvis pou mò ka di yo sa pou yo fè. Yo manje vyann kochon, yo bwè bouyon fèt ak vyann ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. 5Apre sa, yonn di lòt: Pa pwoche m'. Pa manyen m', paske yo mete m' apa pou Bondye! Non, mwen pa ka sipòte sa y'ap fè a. Sa fè m' move, kòlè mwen tankou yon dife ki p'ap janm mouri. 6Seyè a te di: Men desizyon mwen fin pran nan kè m': Mwen p'ap bay kò m' kanpo toutotan mwen pa pini yo, toutan mwen pa regle yo 7pou peche yo ak pou peche zansèt yo. Yo te boule lansan pou zidòl sou mòn yo, yo t'ap derespekte m' sou ti bit mòn yo. Se poutèt sa m'ap regle ak yo jan yo merite l' la. 8Men sa Seyè a te di ankò: -Pesonn pa janm voye yon bon grap rezen jete. Okontrè, li sere l' pou fè diven ak li. Konsa tou, mwen p'ap detwi tout pèp la, m'ap sove moun k'ap sèvi m' yo. 9Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete. 10Plenn Sawon an pral tounen yon jaden zèb pou mouton m' yo, pou moun k'ap sèvi m' yo. Mwen pral lonje bèf mwen yo, moun ki toujou ap chache fè volonte m' yo, nan fon Akò pou yo ka manje. 11Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini, 12m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pa t' reponn. Mwen pale nou, nou pa t' koute m'. Nou fè sa ki mal devan je m', nou pito fè sa ki p'ap fè m' plezi. 13Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont. 14Sèvitè m' yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase. 15Moun mwen chwazi yo va sèvi ak non nou pou joure moun. Mwen menm Seyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Seyè a touye ou tankou l' touye moun sa yo! Men, m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon. 16Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l' nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa. 17Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò. 18Sa m' pral fè a ap bay kè kontan, moun ap fè fèt san rete. Mwen pral fè yon lòt lavil Jerizalèm kote tout moun pral fè fèt. Moun li yo pral kontan. 19Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò! 20Timoun p'ap mouri tou piti ankò! Granmoun ap fè tout tan yo! Pi bonnè pou yo mouri se va sou santan. Moun ki va rive gen santan anvan yo mouri, y'a mouri jenn! Moun ki va mouri anvan yo rive gen santan, se moun ki va gen madichon! 21Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen. 22Yo p'ap bati kay ankò pou se lòt moun ki pou rete ladan yo. Yo p'ap plante jaden ankò pou se lòt moun ki pou manje l'. Pèp mwen an ap viv rive gen menm laj ak pyebwa. Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo. 23Yo p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba. 24Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gen tan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gen tan ba yo sa yo mande a. 25Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!

¿Sabías que…?
Juicio, Renovación y Nueva Creación
- La profecía menciona a Sarón, una llanura fértil entre el mar Mediterráneo y las colinas al oeste de Jerusalén, junto con el valle de Acor, cerca de Jericó. Nombrado a causa de la calamidad provocada por Acán, el valle de Acor era símbolo de aflicción, pero Isaías anuncia que llegará a ser un apacible lugar de descanso para el ganado.Fuentes: el propio texto bíblico · Saron · Valley of Achor
- El capítulo reprende a quienes abandonaron a Dios para dedicarse a ritos cultuales ilícitos, tales como ofrecer sacrificios en huertos, sentarse entre tumbas, comer carne de cerdo y disponer mesas rituales de comida y vino mezclado para la Fortuna y el Destino.Fuentes: el propio texto bíblico
- Isaías anuncia la creación de nuevos cielos y una nueva tierra, donde Jerusalén es transformada en motivo de gozo sin llanto. El pasaje describe un futuro seguro en el que las personas construyen casas para habitarlas, plantan viñas para disfrutar de sus frutos y viven vidas plenas comparadas con la longevidad de los árboles.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Sharon · Hoy: Sharon Plain · 32.400, 34.883 · versículo 10
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 18, 19
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org