Isaías 61
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo. 2Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon, 3pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li. 4Yo gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo. Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo. 5Se moun lòt nasyon ki va pran swen mouton nou yo. Se moun vini ki va travay jaden nou yo, ki va okipe jaden rezen nou yo. 6Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye. 7Kote yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou. Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou. N'a rete nan peyi nou, richès nou va double. N'a toujou gen kè kontan san rete. 8Seyè a di: -Mwen menm, Seyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M'a kenbe pawòl mwen, m'a bay pèp mwen an rekonpans yo, m'a pase ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan. 9Nan tout peyi, y'a nonmen non yo. Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo. Tout moun ki va wè yo va konnen se yon ras moun mwenmenm menm, Seyè a, mwen beni. 10Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'. 11Menm jan tè a fè ti plant yo pouse, menm jan grenn yo leve nan jaden, konsa tou, Seyè ki la pou tout tan an va delivre pèp li a. Tout nasyon va fè lwanj li toupatou.
¿Sabías que…?
Buenas noticias y restauración para Sion
- Isaías 61 comienza con un heraldo ungido enviado a proclamar buenas noticias a los pobres, libertad a los cautivos y el año del favor del Señor. El mensaje consuela de manera especial a los afligidos de Sion, la colina histórica sobre la cual David edificó su ciudadela en Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico · Zion
- El pasaje describe una reversión de fortuna para la comunidad, prometiendo que las ruinas antiguas y las ciudades desoladas serán reconstruidas, y que el duelo será reemplazado por una corona de hermosura, gozo y una doble porción en su tierra.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo concluye con imágenes festivas de bodas y agricultura, comparando la salvación y la justicia de Dios con una novia adornada con joyas, un novio con vestiduras festivas y un jardín que hace brotar sus semillas ante todas las naciones.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 3
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org