Isaías 31
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a. 2Men tou, Seyè a konn sa l'ap fè. L'ap voye malè sou mechan yo, li p'ap chanje pawòl. L'ap pini mechan yo ansanm ak moun k'ap pwoteje mechan yo. 3Moun Lejip yo, se moun yo ye, yo pa bondye. Chwal yo tankou tout chwal. Se pa chwal Bondye voye! Seyè a pral lonje men l', moun k'ap bay pwoteksyon an ap bite, moun k'ap chache pwoteksyon an ap tonbe. Y'ap mouri ansanm! 4Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a. 5Menm jan zwezo louvri zèl li anwo nich li pou pwoteje pitit li, konsa tou Seyè ki gen tout pouvwa a pral louvri zèl li pwoteje lavil Jerizalèm. L'ap pwoteje l', l'ap delivre l', l'ap pran defans li, l'ap sove l'. 6Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen! 7Jou sa a, n'a voye jete tout bann vye zidòl nou te fè an ajan ak an lò ak men plen san nou yo. 8Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav. 9Wa a menm pral kouri met deyò sitèlman l'ap pè. Yon sèl latranblad pral pran chèf lagè li yo, y'ap lage drapo yo atè kouri ale. Seyè a pale, se pou li dife k'ap boule sou mòn Siyon an, se pou li gwo boukan ki nan lavil Jerizalèm lan.

¿Sabías que…?
Advertencia contra la alianza con Egipto
- Isaías censura la confianza de Judá en Egipto para conseguir auxilio militar, sobre todo por su multitud de caballos y carros de combate. El profeta contrasta los recursos bélicos humanos con la soberanía divina, recordando que los egipcios son simples hombres y sus caballos son carne, no espíritu.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
- El monte Sion, una prominente elevación fortificada sobre la que se construyó Jerusalén, aparece bajo la defensa directa de Dios. Mediante las figuras de un león decidido y de aves que revolotean para proteger su nido, el texto promete que Jerusalén será librada de Asiria por intervención divina y no por espadas mortales.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem · Mount Zion
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 1
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 4
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 9
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 8
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 9
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org