Isaías 3
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Wi. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pral koupe viv tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. P'ap gen pen, p'ap gen dlo. 2P'ap gen vanyan gason ankò ni sòlda. P'ap gen jij ankò ni pwofèt. P'ap gen divinò ankò ni grandèt. 3P'ap gen kaptenn, p'ap gen majistra ni moun ki pou bay konsèy. P'ap gen moun ki konn fè maji, ni moun ki konn moute batri. 4M'ap pran jenn timoun san esperyans m'a mete chèf pou gouvènen yo. 5Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz. 6Yon lè menm, tout yon branch fanmi va chwazi yonn nan mitan yo. Y'a di l' konsa: Ou menm ki gen rad pou ou mete sou ou, n'ap mete ou chèf pou ou ka dirije nou nan move pa n'ap pase koulye a. 7Men, moun yo chwazi a va reponn: Non. Mwen pa dòktè, mwen pa ka fè anyen pou nou! Ni tou, mwen pa gen manje, m' pa gen rad lakay mwen. Pa mete m' chèf sou pèp la. 8Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Seyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. 9Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo. 10Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo. 11Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a. 12Sa fè m' lapenn pou pèp mwen an! Se yon timoun k'ap prije yo, se fanm k'ap kòmande yo. Sa fè m' lapenn anpil wi pou nou, pèp mwen an! Chèf yo fè nou pèdi chemen nou. Yo mele nou. Nou pa konn ki wout pou nou pran. 13Seyè a kanpe pou l' denonse sa yo fè a. Li pare pou l' jije pèp li a. 14Seyè a rele chèf fanmi yo ak lòt chèf pèp li a nan tribinal. L'ap denonse yo. Li di konsa: Se nou menm ki fin piye jaden rezen yo. N'ap vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou. 15Nou pa gen dwa kraze pèp mwen an konsa. Nou pa gen dwa pwofite konsa sou pòv yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale. 16Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen. 17Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo tou blanch, m'ap kite yo san cheve. 18Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo, 19zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo, 20mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo, 21bag yo, zanno pou nen yo, 22bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo, 23glas yo, rad twal fin yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo. 24Yo p'ap sèvi ak odè ankò, y'ap santi move. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak kòd. Yo p'ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan sak. Yo p'ap fè figi yo bèl ankò. Y'ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav. 25Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay. 26Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.

¿Sabías que…?
Juicio sobre los líderes y los lujos de Jerusalén
- En Isaías 3:9, el profeta compara el descaro público de Jerusalén con la antigua ciudad de Sodoma, cuya notoria maldad causó una destrucción total. En lugar de encubrir sus faltas, los habitantes hacían alarde abierto de su pecado.Fuentes: el propio texto bíblico · Sodom
- El capítulo reprende a las hijas de Sion, en alusión al monte Sion, la colina suroriental donde el rey David construyó su ciudadela y palacio. La detallada lista de lujos —como tobilleras, pendientes, frascos de perfume y mantos festivos— se contrasta con la inminente pobreza y el luto de la ciudad.Fuentes: el propio texto bíblico · Zion
- La profecía describe un colapso total del orden civil en el que se suprimen los jueces, guerreros y ancianos capacitados. La desesperación llega a tal punto que los familiares le suplican a un hombre que gobierne simplemente porque posee un manto entre las ruinas.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 8
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 16, 17, 26
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org