Isaías 27
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a. 2Jou sa a, y'a chante yon chante sou jaden rezen k'ap bay bon diven an. 3Se mwen menm, Seyè a, k'ap okipe jaden an. Se chak lè m'ap wouze l'. Lajounen kou lannwit m'ap veye l', pou pesonn pa fè l' anyen. 4Mwen pa fache avè l' ankò. Si mwen jwenn pikan ak move raje ladan l', m'a rache yo. M'a sanble yo, m'a boule yo nan dife. 5Men, si lènmi pèp mwen an vle pou m' pwoteje yo, se pou yo vin fè lapè ak mwen. Wi, se pou yo vin fè lapè ak mwen. 6Nan jou k'ap vini yo, fanmi Jakòb la pral pouse rasin ankò, pèp Izrayèl la pral boujonnen, li pral fè flè. Li pral kouvri latè ak donn l'ap bay. 7Seyè a pa t' pini l' menm jan li te pini lènmi l' yo. Li pa t' touye moun li yo menm jan li te touye moun ki t'ap ansasinen l' yo. 8Pou l' te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van soti nan lès pote yo ale. 9Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a. 10Lavil ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y'ap manje dènye ti pous raje. 11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras. 12Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi. 13Wi, jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Seyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.

¿Sabías que…?
La viña fructífera y el regreso de los exiliados
- En Isaías 27, Israel es descrito como una viña fructífera, cuidada y regada continuamente por el Señor para que eche raíces y llene el mundo de fruto. Este cuadro de protección divina y florecimiento contrasta con la descripción previa de una viña infructífera en el libro.Fuentes: el propio texto bíblico
- La profecía describe la recolección de los israelitas desde la corriente del río Éufrates hasta el torrente de Egipto. En la tradición bíblica, estos dos puntos geográficos delimitaban las fronteras de la tierra prometida a los descendientes de Abraham.Fuentes: el propio texto bíblico · Euphrates · Brook of Egypt
- Se anuncia el sonido de una gran trompeta de cuerno para convocar a los exiliados dispersos en los poderosos imperios de Asiria y Egipto. Los sobrevivientes que regresan son llamados a adorar al Señor en el monte santo de Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico · Assyria · Egypt · Jerusalem
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 12
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 13
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 13
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 13
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org