Nations Bible

Isaías 22

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Men yon mesaj pou Fon Vizyon an: -Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa? 2Tout lavil la tèt anba. Toupatou se bri, se banbòch. Moun ki mouri nan mitan nou yo, se pa nan goumen ni nan lagè yo mouri. 3Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou. 4Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an! 5Jounen jòdi a, se yon jou debandad, se jou yo pèdi batay la, se jou pesonn pa konn sa pou yo fè. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki fè sa rive nou. Nan Fon Vizyon an, y'ap kraze miray lavil yo met atè. Nan tout mòn yo, y'ap rele mande sekou. 6Sòlda peyi Elam yo moute sou cha yo ak sou chwal yo. Banza yo ak flèch yo tou pare, y'ap vini. Lame peyi Ki a pran zam pou pare kou yo. 7Cha lagè anvayi tout plenn kote nou gen pi bon venn tè jaden. Sòlda yo kanpe sou chwal yo devan pòtay lavil Jerizalèm. 8Pa gen anyen ankò pou defann moun peyi Jida yo. Lè sa a, nou kouri al chache zam nan depo zam palè wa a. 9Nou te wè te gen anpil kote ki fann nan miray lavil David la. Nou ranmase dlo k'ap soti nan rezèvwa anba a. 10Nou mache konte tout kay ki nan lavil Jerizalèm. Nou kraze de twa ladan yo pou nou fè miray lavil la pi solid. 11Nou bati yon rezèvwa nan mitan de miray pou ranmase dlo k'ap soti nan Vye Basen. Men, nou pa janm dòmi reve Bondye, li menm ki te fè lide sa a depi lontan, li menm ki lakòz tout bagay sa yo rive konsa. 12Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou. 13Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n' manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri. 14Seyè ki gen tout pouvwa a pale nan zòrèy mwen, li di m': Yo p'ap janm padonnen moun sa yo fòt yo fè la a jouk jou yo mouri. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. 15Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Ale kay Chebna, chèf ki reskonsab kay wa a. Msye te fè fouye yon kavo sou ti mòn lan pou lè li mouri. W'a di l' pou mwen: 16Kisa ou genyen ki pou ou isit la? Ki fanmi ou gen isit la pou ou fè fouye yon kavo pou ou nan flan ti mòn lan? 17Ou mèt grannèg kont kò ou, Seyè a pral pase men l' pran ou, l'ap voye ou jete byen lwen. 18L'ap plòtonnen ou, l'ap fè ou tounen yon boul, l'ap voye ou al teri nan yon pi gwo peyi. Se la l'ap voye ou al mouri nan mitan tout cha ki t'ap fè ou fè tout granpanpan sa a. Ou se yon wont pou kay mèt ou a. 19M'ap kase ou nan plas kote ou ye a, m'ap fè ou desann soti kote ou chita a. 20Lè sa a, m'a voye chache sèvitè m' lan, Elyakim, pitit gason Ilkija a. 21M'a pran palto ki sou do ou la, m'a ba li l'. M'a pran senti ki pase nan ren ou lan, m'a mare ren pa l' avè l'. Pouvwa ou te genyen an, m'ap ba li l': l'ap tankou yon papa pou tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. 22Apre wa a, pitit pitit ki soti nan fanmi David la, se li menm k'ap sèl chèf. M'ap ba li kle pou l' reskonsab kay David la: Lè li louvri, pesonn p'ap ka fèmen. Lè li fèmen, pesonn p'ap ka louvri. 23M'ap mete l' chita, l'ap tankou yon zegwi bwa yo fè antre byen fon nan yon poto. Li pral sèvi yon lwanj pou fanmi papa l'. 24Men, tout fanmi l', tout ti fanmi l' yo pral tounen yon chay twò lou pou li. Yo pral pandye nan kou l' tankou gode ak bòl ki pandye nan yon zegwi bwa. 25Lè sa a, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a di: Zegwi yo te fè antre byen fon nan poto a pral rache. L'ap soti, l'ap tonbe atè, epi tout chay ki sou li a pral tonbe tou. Se Seyè a ki di sa.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El Valle de la Visión y los Administradores del Palacio

  • Ante la amenaza de un asedio, los habitantes de Jerusalén inspeccionaron las armas en la Casa del Bosque, canalizaron agua del estanque inferior hacia reservorios y demolieron viviendas para reparar y reforzar las brechas en los muros de la Ciudad de David.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
  • Sebna, el mayordomo a cargo del palacio real, fue reprendido por tallarse una suntuosa tumba en la roca. Dios declaró que Sebna sería destituido y reemplazado por Eliaquim, hijo de Hilcías, quien recibiría las vestiduras del cargo y la llave de la casa de David.Fuentes: el propio texto bíblico · Shebna · Eliakim
  • El ejército invasor desplegado contra el Valle de la Visión incluía arqueros de Elam, una región montañosa al este de Babilonia, junto con guerreros aliados de Quir que portaban escudos.Fuentes: el propio texto bíblico · Elam · Kir

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 5, 10, 21
  • Elam · 32.189, 48.258 · versículo 6
  • House of the Forest of Lebanon · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 8
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 9
  • Lower Pool · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 9
  • Old Pool · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.