Nations Bible

Isaías 18

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, gen yon peyi kote yo tande yon bri tankou bri zèl yon bann krikèt. 2Mesaje ap soti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l'. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè. 3Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an. 4Seyè a di m' konsa: M'ap rete rete m' kote m' ye nan syèl la, m'ap gade anba san m' pa fè ankenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt. 5Paske, menm jan anvan rekòt rezen yo, lè yo fin fleri, lè rezen yo pral mi, yo debranche yo ak kouto, yo wete tout ti branch yo, yo ba yo lè, se konsa lènmi yo pral detwi moun peyi Letiopi yo. 6Yo pral kite kadav sòlda yo konsa pou zwezo ki manje vyann epi ki rete nan mòn ak pou bèt nan bwa. Nan sezon chalè, zwezo va vin manje yo. Nan sezon fredi, se bèt nan bwa ki va vin manje yo. 7Lè sa a, bann moun bèl wotè ki gen po yo boule nan solèy, pèp tout moun pè a, moun ki rete nan gwo peyi ki gen fò anpil la, yo menm ki rete nan peyi ki nan tèt dlo larivyè Nil lan, y'a pote kado bay Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'a vin jouk sou mòn Siyon an kote moun fè sèvis pou Seyè ki gen tout pouvwa a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Un mensaje sobre Cus

  • La tierra de Cus se refería a la región situada al sur de Egipto, a lo largo del Alto Nilo. Isaías describe a sus mensajeros navegando por las aguas en veloces embarcaciones de papiro.Fuentes: Cush · el propio texto bíblico
  • La profecía culmina con tributos llevados desde esa lejana y temida nación hacia el monte Sion, la colina de Jerusalén donde residía el nombre del Señor.Fuentes: Mount Zion · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 1
  • Nile · Hoy: Nile River · 31.465, 30.367 · versículos 1, 2
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 7

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.