Nations Bible

Isaías 16

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Moun peyi Moab yo ap rete lavil Sila nan dezè a, y'ap voye yon mouton fè chèf lavil Jerizalèm lan kado sou tèt mòn Siyon an. 2Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo. 3Y'ap di moun peyi Jida yo: -Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo. 4Kite nou rete nan peyi nou an. Pwoteje nou anba moun ki soti pou fini ak nou yo. Moun ki t'ap kraze nou an p'ap la ankò. Piyay la ap fini. Moun ki t'ap pilonnen peyi a anba pye yo a ap disparèt. 5Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral soti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fotèy la pou l' dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap soti pou l' fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis. 6Moun peyi Jida yo di: -Nou tande jan moun Moab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estomake, jan yo gen gwo tanta, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm! 7Men moun Moab yo pral plenyen sò peyi Moab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouraj yo. 8Gwo jaden peyi Esbon yo pral deperi. Pye rezen lavil Sibma yo ki te konn bay bon diven chèf nasyon yo te konn bwè a pral cheche. Te gen yon lè jaden rezen sa yo te rive jouk bò lavil Jazè. Yo te pouse kouvri tout dezè a. Yo te gaye kò yo toupatou rive lòt bò lanmè Mouri a. 9Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a. 10Nanpwen kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwen chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba! 11Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès. 12Moun peyi Moab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. 13Anvan sa, men sa Seyè a te di k'ap rive lavil Moab la. 14Koulye a, Seyè a pale ankò. Li di konsa: Nan twazan, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, yo pral pase sa ki fè pouvwa peyi Moab la nan tenten. Atout li gen anpil moun koulye a, se de twa ase ki pral rete, yon ti ponyen tou fèb ki p'ap vo anyen!

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El clamor de Moab y la ruina de sus viñedos

  • Se insta a los fugitivos moabitas a buscar refugio enviando corderos de tributo a través del desierto desde Sela hasta el monte Sion en Jerusalén, donde un gobernante justo del linaje de David reina con fidelidad.Fuentes: Sela · Zion · el propio texto bíblico
  • El lamento del capítulo se centra en la pérdida de la renombrada viticultura de Moab, llorando las viñas arruinadas y los lagares silenciosos de ciudades como Sibma, Hesbón y Jazer.Fuentes: Sibmah · Heshbon · Jazer · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
  • Arnon · Hoy: Wadi Mujib · 31.466, 35.573 · versículo 2
  • Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 2, 3, 4, 6, 7, 8, 11, 12, 13, 14
  • Salt Sea · Hoy: Dead Sea · 31.500, 35.500 · versículo 8

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.