Nations Bible

Hebreos 6

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Se sak fè, ann grandi toujou pou n' ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n' mete l' nan Bondye. 2Non, nou pa pral pale nou ankò sou batèm yo, sou sèvis pou mete men sou tèt moun ki kwè yo, sou keksyon lè moun mouri yo va leve, sou jijman ki p'ap janm kase a. 3Ann pouse pi devan! Se sa nou pral fè koulye a, si Bondye penmèt nou sa. 4Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a. 5Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l' te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an. 6Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò. 7Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe anpil sou li, si li pouse plant ki ka sèvi moun k'ap travay li a, Bondye ap beni li. 8Men, si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l' madichon. Lè sa a, yo ka boule li. 9Nou mèt wè m' ap pale konsa, frè m' yo, mwen gen anpil konfyans nan nou toujou. Mwen konnen nou nan chemen ki pou delivre nou an. 10Paske, Bondye pa mechan pou l' ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk koulye a toujou. 11Men, mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n'ap tann lan ka rive vre. 12Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la. 13Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li. 14Li te di: Mwen pwomèt ou pou m' beni ou, pou m' ba ou anpil anpil pitit pitit. 15Abraram te rete tann ak pasyans. Se konsa li resevwa sa Bondye te pwomèt li a. 16Lè moun ap fè sèman, yo sèmante sou sa ki pi gran pase yo. Yo pran sèman an pou yon garanti pou fini tout diskisyon yo ka gen yonn ak lòt. 17Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l' te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la. 18Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l', sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an. 19Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m', byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la. 20Se la Jezi te antre an premye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki te tounen yon granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Madurez, el juramento de Dios y un sacerdote para siempre

  • Una entrada de diccionario explica el nombre Abraham como "padre de una multitud" y lo llama heredero de las promesas. Hebreos 6 cita las palabras de Dios a él: "Ciertamente te bendeciré y multiplicaré tus descendientes", y dice que, después de esperar con paciencia, obtuvo la promesa.Fuentes: Abraham · el propio texto bíblico
  • El capítulo describe una costumbre común: las personas juran por alguien mayor que ellas, y el juramento confirma lo dicho y pone fin a toda discusión. Como no había nadie mayor, Dios juró por sí mismo, para que los herederos de la promesa vieran que su propósito no cambia. La carta habla de dos cosas inmutables, en las cuales es imposible que Dios mienta, y de esta esperanza como un ancla del alma.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Una entrada de diccionario da el nombre de Melquisedec como "rey de justicia" y lo llama rey de Salem. Dice que todo lo que se sabe de él está registrado en Génesis 14:18-20 y que el Antiguo Testamento solo lo menciona otra vez en el Salmo 110:4. Hebreos 6 termina con Jesús, como precursor, entrando en el santuario interior detrás de la cortina y llegando a ser sumo sacerdote para siempre según el orden de Melquisedec, comparación que la carta desarrolla en el capítulo siguiente, donde Melquisedec es el tipo de un sacerdote que vive para siempre.Fuentes: Melchisedec · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.