Hebreos 4
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a. 2Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye. 3Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn. 4Paske, men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a: Setyèm jou a, Bondye poze kò l' apre li te fin fè tout travay li yo. 5Li tounen sou menm pawòl la ankò, lè li di: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. 6Moun ki te resevwa bon nouvèl la an premye, yo pa t' antre kote sa a paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye. 7Se sak fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li. 8Paske, si Jozye te fè pèp Izrayèl la antre nan peyi kote pou yo te poze kò yo ansanm ak Bondye a, Bondye pa ta bezwen pale apre sa sou yon lòt jou ankò. 9Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a. 10Paske, moun ki antre kote pou yo poze kò yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fè travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fè travay li. 11Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l' la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a. 12Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. 13Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. 14Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm. 15Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche. 16Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

¿Sabías que…?
La promesa del descanso de Dios
- Hebreos 4 pone el descanso de Dios en el séptimo día junto a un descanso que el pueblo aún no había alcanzado. El capítulo recuerda que en el séptimo día Dios descansó de todas sus obras, terminadas desde la fundación del mundo. Como Josué no les dio descanso, dice el texto, Dios habló más tarde de otro día, y queda un reposo sabático para el pueblo de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
- Los que primero oyeron las buenas nuevas, dice el capítulo, no sacaron provecho del mensaje, porque no compartieron la fe de los que lo comprendieron, y no entraron en el descanso de Dios a causa de su desobediencia, después de que Dios había jurado en su ira que jamás entrarían. Mucho tiempo después dio a un día el nombre de “Hoy” y habló por medio de David, instando a los oyentes a no endurecer el corazón si oían su voz. A ese David se lo identifica como el octavo y más joven hijo de Jesé, ciudadano de Belén, que al principio cuidaba las ovejas de su padre en las tierras altas de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · David
- El mismo capítulo llama a la palabra de Dios viva y eficaz, más cortante que cualquier espada de dos filos, y capaz de juzgar los pensamientos y las intenciones del corazón, y dice que nada en toda la creación está oculto a la vista de Dios. Luego habla de Jesús, el Hijo de Dios, como un gran sumo sacerdote que atravesó los cielos, tentado en todo como los demás, pero sin pecado, de modo que las personas pueden acercarse al trono de la gracia con confianza.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org