Hageo 2
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Jou ki make venteyenyèm jou nan setyèm mwa nan menm lanne a, Seyè a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. 2Li di li konsa: -Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, ansanm ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W'a di yo: 3Eske gen yonn nan nou ki chonje jan tanp lan te bèl nan tan lontan? Ki jan nou wè l' koulye a? Nou pa wè li pa vo anyen? 4Men koulye a, kouraj, Zowobabèl! Se Seyè a menm k'ap pale avè ou. Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Seyè a menm k'ap pale ak nou! Mete men nan travay la, paske mwen la avèk nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! 5Lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la, mwen te pwomèt mwen t'ap toujou la avèk nou. Enben! M' la nan mitan nou. Nou pa bezwen pè. 6Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Anvan lontan, mwen pral souke syèl la ak latè a, lanmè a ak tè yo. 7Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 8Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 9Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! 10Jou ki te make vennkatriyèm jou nan nevyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la, Seyè ki gen tout pouvwa a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. Li di l' konsa: 11-Al mande prèt yo sa lalwa di sou sa. 12Si yon moun pran yon moso vyann yo mete apa pou Bondye, li vlope l' nan ke rad li. Lèfini, li kite rad la touche yon pen, osinon yon manje kwit, osinon yon veso ki gen diven osinon ki gen lwil, ou nenpòt ki kalite manje, èske sa ap mete manje a apa pou Bondye tou pou sa? Lè Aje mande prèt yo sa, yo reponn li: -Non! 13Lèfini, Aje mande yo: -Lè yon moun pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye paske li te manyen yon kadav, lèfini si li manyen yonn nan kalite manje sa yo, èske sa ap fè manje yo pa bon pou sa pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye? Prèt yo reponn li: -Wi! 14Lè sa a, Aje di yo konsa: -Men sa Seyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y'ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye. 15Men sa Seyè a di ankò: -Depi jòdi a, kalkile byen sou sa ki rive nou. Anvan nou te konmanse rebati kay ki apa pou Seyè a, 16ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn vin barik, se dis ase nou jwenn. N' al chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se vin galon ase nou jwenn. 17Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a ki di sa. 18Men jòdi a, vennkatryèm jou nan nevyèm mwa a, jou nou te fini ak fondasyon tanp lan, kalkile byen sou sa ki pral rive nou la a! 19Ata grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou. 20Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Seyè a bay Aje yon dezyèm mesaj. Li di l' konsa: 21-Pale ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l' pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a. 22Mwen pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo. 23Jou sa a, m'ap pran ou, ou menm Zowobabèl, sèvitè m' lan, pitit gason Chealtyèl la, m'ap ba ou pouvwa pou gouvènen nan non mwen, paske se ou menm mwen chwazi pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa

¿Sabías que…?
La Promesa de Gloria Futura
- Cuando se colocaron los cimientos del segundo templo tras el regreso de Babilonia, los ancianos de la comunidad aún recordaban la magnificencia del templo original destruido por Nabucodonosor. Ante el desánimo por la modesta nueva estructura, Hageo proclamó que la gloria futura de esa casa superaría su antiguo esplendor.Fuentes: el propio texto bíblico · Zerubbabel · Haggai
- Hageo consultó a los sacerdotes sobre normas rituales para ilustrar una enseñanza moral. Según los dictámenes sacerdotales, la santidad no se transfería por contacto indirecto, mientras que la impureza ceremonial —como la contraída al tocar un cadáver— se transmitía de inmediato, reflejando cómo su descuido previo había afectado sus ofrendas y cosechas.Fuentes: el propio texto bíblico
- La reconstrucción comunitaria estuvo encabezada por dos líderes clave: Zorobabel hijo de Salatiel, gobernador civil, y Josué hijo de Josadac, el sumo sacerdote. Al final del capítulo, Hageo se dirige a Zorobabel con la figura de un anillo de sellar, emblema de autoridad y elección divina.Fuentes: el propio texto bíblico · Zerubbabel · Joshua
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 5
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org