Gálatas 2
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Apre sa, katòz lanne te pase anvan m' te moute lavil Jerizalèm ankò, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m' tou. 2Kifè m' te moute a, se paske Bondye te fè m' konnen pou m' te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo bon nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pa t' vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen. 3Enben, Tit ki te avè m' lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pa t' egzije l' sikonsi, 4atout kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Moun sa yo te glise kò yo nan mitan nou tankou espyon k'ap veye libète nou gen nan Jezi Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò. 5Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n' te ka defann verite ki nan bon nouvèl la pou nou menm, moun Galasi. 6Moun ki te pase pou chèf yo, mwen pa bezwen konnen sa yo te ye vre, paske Bondye pa gade sou figi moun-wi, moun ki te pase pou chèf yo, yo pa t' fè m' okenn lòt egzijans. 7Okontrè, yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse bon nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l' bay jwif yo. 8Paske, Bondye ki te mete Pyè apa pou sèvi apòt pou jwif yo, se li menm ki te mete m' apa tou pou m' te ka sèvi apòt pou moun ki pa jwif yo. 9Lè sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pase pou chèf nan legliz la, yo te rekonèt se Bondye ki te ban m' travay sa a, yo bay Banabas ak mwen lanmen tankou asosye. Nou tonbe dakò pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo, pou yo menm y' al travay ak jwif yo. 10Yon sèl bagay yo te mande nou: se pou n' te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pa t' janm manke fè sa. 11Men, lè Pyè te vini lavil Antiòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l' te fè a pa t' bon. 12Lè l' te fèk rive, li t'ap manje byen pwòp ak frè ki pa jwif yo. Men, lè moun Jak te voye yo vin rive, li mete kò l' sou kote, li refize manje ak frè ki pa jwif yo, paske li te pè patizan moun sikonsi yo. 13Lòt frè jwif yo te kòmanse fè menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a. 14Lè m' wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan bon nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pa t' viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif? 15Nou menm, nou se jwif natif natal, nou pa soti nan ras moun lòt nasyon yo k'ap plede fè peche. 16Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l' gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pesonn gras paske li fè sa lalwa mande. 17Men, si antan m'ap chache pou Bondye fè m' gras gremesi Kris la, moun wè m'ap fè peche menm jan ak moun lòt nasyon yo, èske sa vle di se nan avantaj peche a Kris la ap travay? Non, yo pa ka di sa. 18Paske, si m'ap rebati sa m' te kraze a, mwen tou moutre se dezobeyi m'ap dezobeyi lalwa. 19Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m' pou m' ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a. 20Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen. 21Mwen pa voye favè Bondye fè m' lan jete. Paske, si lalwa ka fè Bondye fè yon moun gras, enben, Kris la mouri pou gremesi.

¿Sabías que…?
Gentiles, comunión y un enfrentamiento en Antioquía
- Tito fue con Pablo y Bernabé a Jerusalén. El Easton's Bible Dictionary (1897) dice que parece haber sido gentil y que su nombre no aparece en Hechos. Pablo escribe que Tito, aunque era griego, no fue obligado a circuncidarse.Fuentes: Titus · el propio texto bíblico
- El enfrentamiento posterior tuvo lugar en Antioquía de Siria, a orillas del Orontes, a unas trescientas millas al norte de Jerusalén. La ciudad ocupaba el tercer lugar entre las ciudades del Imperio romano, después de Roma y Alejandría, y fue allí donde a los creyentes se les llamó cristianos por primera vez.Fuentes: Antioch (Syria) · el propio texto bíblico
- El Easton's Bible Dictionary (1897) describe a Santiago, nombrado con Cefas y Juan como uno de los pilares, como cabeza de la iglesia en Jerusalén, donde presidió el concilio sobre los gentiles. Pablo dice que, antes de que llegaran ciertos hombres de parte de Santiago, Cefas solía comer con los gentiles, pero luego se apartó por temor al grupo de la circuncisión.Fuentes: James (Brother of Jesus) · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Antioch · Hoy: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · versículo 11
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org