Nations Bible

Esdras 7

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija. 2Ilkija te pitit Chaloum, Chaloum te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Achitoub. 3Achitoub te pitit Amarya, Amarya te pitit Azarya, Azarya te pitit Merajòt. 4Merajòt te pitit Zeraja, Zeraja te pitit Ouzi, Ouzi te pitit Bouki. 5Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprèt la. 6Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm. 7Anpil lòt moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo, nan moun Levi yo, nan sanba yo, nan gad tanp yo ak lòt travayè yo, te pran wout la moute lavil Jerizalèm ansanm ak li. Lè sa a, wa Atagzèsès te nan setyèm lanne rèy li. 8Yo rive Jerizalèm nan senkyèm mwa setyèm lanne rèy Atagzèsès la. 9Yo te kite lavil Babilòn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalèm premye jou nan senkyèm mwa a, avèk pwoteksyon Bondye. 10Esdras te pase tout tan li ap etidye lalwa Seyè a. Li t'ap swiv tou sa ki ladan l'. Li t'ap moutre pèp Izrayèl la tout lòd ak tout regleman Seyè a. 11Men kopi lèt wa Atagzèsès te renmèt Esdras, ki te yon prèt ak yon nonm save. Li te dòktè nan zafè lalwa ak kòmandman Seyè a te bay pèp Izrayèl la. 12Men lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la! -Koulye a, 13mwen bay lòd nan tout peyi m'ap gouvènen yo pou tout moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo osinon nan moun Levi yo, ki vle ale avè ou lavil Jerizalèm, pou yo kite yo ale. 14Se mwen menm, wa a, ansanm ak sèt konseye m' yo ki voye ou al fè enspeksyon nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou ou wè ki jan moun yo ap swiv liv lalwa Bondye ki nan men ou lan. 15W'a pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l' yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen tanp li lavil Jerizalèm. 16W'a pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l' pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm. 17Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm. 18Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l', depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an. 19W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la. 20Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo. 21Mwen menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta, 22depi sa l' mande a pa depase an total sanvenmil ons ajan, sisansenkant (0650) barik ble, sisan (0600) galon diven, sisan (0600) galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen. 23Se pou ou sèten yo bay tou sa Bondye ki nan syèl la mande pou tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvènen peyi a apre m'. 24Epi m' fè nou konnen yo pa gen dwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase. 25Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li. 26Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lòd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lè y'ap pini yo pou sa yo fè a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depòte y'a depòte. Sa pou yo fè peye amann y'a fè peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon! 27Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm. 28Li fè m' jwenn favè devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La misión de Esdras y el decreto de Artajerjes

  • Esdras es presentado con una genealogía sacerdotal que se remonta a Aarón a través de Hilcías, el sumo sacerdote que halló el Libro de la Ley durante el reinado de Josías. Descrito como un escriba versado, Esdras dispuso su corazón para estudiar la Ley del Señor, cumplirla y enseñar sus preceptos en Israel.Fuentes: Ezra · Hilkiah · el propio texto bíblico
  • El monarca persa Artajerjes es tradicionalmente identificado como Artajerjes I Longímano, cuyo séptimo año de reinado corresponde al 458 a. C. Su decreto real otorgó a Esdras amplia autoridad para liderar el regreso de israelitas, nombrar magistrados al oeste del Éufrates y obtener provisiones y fondos del tesoro real.Fuentes: Artaxerxes · Persia · el propio texto bíblico
  • Esdras y sus compañeros de viaje partieron de Babilonia el primer día del primer mes y llegaron a Jerusalén el primer día del quinto mes. La narración destaca que esta travesía terrestre de cuatro meses tuvo éxito porque la bondadosa mano de Dios estaba sobre él.Fuentes: Ezra · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 6, 7, 8, 9, 13, 14, 15, 16, 17, 19, 27, 28
  • Persia · 34.806, 48.516 · versículo 1
  • Babylonia · 32.543, 44.422 · versículos 6, 9, 16
  • Beyond the River · 31.777, 35.234 · versículos 21, 25

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.