Ezequiel 9
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Apre sa, mwen tande Bondye pale byen fò nan zòrèy mwen. Li di konsa: -Pwoche non, nou tout ki pral pini lavil la. Pwoche ak zam nou nan men nou! 2Lamenm, sis gason parèt nan pòtay ki bay sou nò nan lakou tanp lan. Yo chak te gen yon zam nan men yo. Nan mitan yo te gen yon nonm ak yon rad twal fin tou blan sou li. Li te gen yon poban lank mare nan ren l'. Yo antre, yo kanpe bò lotèl an kwiv la. 3Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la soti anwo tèt bèt vivan yo kote l' te ye a, li deplase, li al rete nan papòt pou antre nan tanp lan. Seyè a rele nonm ak rad twal fin blan an ki te gen poban lank mare nan ren l' lan. 4Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la. 5Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape! 6Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan. 7Bondye di yo: -Derespekte Tanp lan! Plen lakou a kadav. Ale non! Se konsa yo konmanse touye moun nan lavil la. 8Pandan yo t'ap touye moun yo, mwen te rete pou kont mwen. Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen atè, mwen rele byen fò: -Wouy! Seyè Bondye sèl Mèt la, èske ou pral touye tout rès pèp Izrayèl la, paske nan kòlè ou ou soti pou pini lavil Jerizalèm? 9Li reponn mwen: -Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Seyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo. 10Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè. 11Apre sa, nonm ki te gen rad twal fin tou blan sou li a ak poban lank mare nan ren l' lan tounen. Li fè rapò l' bay Seyè a, li di l' konsa: -Mwen fè tou sa ou te ban m' lòd fè a.
¿Sabías que…?
El Juicio y la Marca de Protección
- En la visión de Ezequiel, una figura vestida de lino lleva un tintero de escriba para marcar la frente de las personas que se lamentan por las prácticas corruptas en Jerusalén. Esta marca servía como señal de protección para librarlas de la destrucción.Fuentes: el propio texto bíblico
- Los ejecutores entran por la puerta del norte y se colocan junto al altar de bronce en el atrio del templo. El juicio comienza en el propio santuario, empezando por los ancianos que estaban delante del edificio del templo.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org