Nations Bible

Ezequiel 5

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Seyè a di mwen: -Nonm o! Pran yon kouto byen file, tankou razwa kwafè, wete tout bab nan figi ou ak tout cheve nan tèt ou. Lèfini, pran yon balans pou peze cheve ou koupe yo, w'a fè yo fè twa pil menm fòs. 2Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l' ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa deyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l' anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen. 3W'a sere yon ponyen cheve, w'a koud li nan woulèt rad ou. 4Lèfini, w'a pran de twa branch cheve nan sa ou te sere yo, w'a voye yo jete nan dife pou yo boule. Dife a ap gaye nan tout peyi Izrayèl la. 5Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa, di ankò: -Gade lavil Jerizalèm! Mwen te mete l' kanpe nan mitan latè ak tout lòt nasyon yo bò kote l'. 6Men, Jerizalèm revòlte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l' yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m' te ba yo lòd fè a. 7Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, di nou: Nou pa swiv lòd mwen yo, nou pa fè sa m' te mande nou fè. Konsa, nou fè pi mal pase moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Nou pa menm swiv lòd moun lòt nasyon yo gen lakay yo. 8Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye nan syèl la, di ou: M'ap leve dèyè ou tou, mwen pral pini ou devan tout lòt nasyon yo. 9N'ap fè yon bann bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa m'ap pini lavil Jerizalèm jan mwen poko janm pini l', jan mwen p'ap janm pini l' ankò. 10Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou. 11Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape. 12Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe. 13M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò. 14M'ap fè nou tounen yon dezè nan mitan tout lòt peyi yo, yon wont pou moun k'ap pase bò kote nou ye a. 15Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l' la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a soti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 16M'ap koupe viv nou, m'ap kite nou mouri grangou. Nou pral santi doulè grangou a tankou si se flèch yo voye sou nou pou touye nou. 17M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.

¿Sabías que…?

Una señal profética del juicio de Jerusalén

  • Ezequiel realiza una impactante acción profética al afeitarse la cabeza y la barba con una espada afilada y dividir el cabello con una balanza. Las tres partes iguales representan los destinos del pueblo de Jerusalén: un tercio moriría de peste y hambre dentro de la ciudad sitiada, un tercio caería a espada alrededor de ella, y un tercio sería dispersado a los vientos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El pasaje describe a Jerusalén como colocada en medio de las naciones, rodeada de otros países. Su severo castigo se debe a que se rebeló contra los decretos divinos con mayor gravedad que los pueblos vecinos.Fuentes: Jerusalem · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 5, 8, 10, 16

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.