Ester 8
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Menm jou sa a, wa Asyeris pran tout byen Aman yo, nonm ki pa t' vle wè jwif yo, li fè larenn Estè kado. Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Depi lè sa a, Madoche te gen dwa parèt devan wa a. 2Wa a wete bag li te reprann nan men Aman an, li bay Madoche li. Estè menm mete Madoche reskonsab tout byen Aman yo. 3Apre sa, Estè al pale ak wa a ankò. Li lage kò l' nan pye l' ap kriye. Li mande l' pou l' fè kichòy pou kraze vye konplo Aman, moun laras Agag la, te moute sou do jwif yo. 4Wa a lonje baton an lò a bay Estè. Estè leve epi li di: 5-Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m', si se yon bagay li ka fè, si mwen fè wa a plezi, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman, pitit Amedata, moun laras Agag la, te bay pou yo te touye dènye kras jwif toupatou nan peyi wa a. 6Mwen p'ap ka rete konsa pou m' wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m' wè y'ap touye tout fanmi m' yo. 7Wa Asyeris di Estè ak Madoche konsa: -Gade, mwen fè pann Aman poutèt konplo li te moute sou do jwif yo, lèfini, m' bay Estè tout byen li yo. 8Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk so wa a sou li, li pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gen dwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk so mwen sou li. 9Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt (0127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letiopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou. 10Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete so wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekri wa a. 11Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo. 12Se sa pou jwif yo fè nan tout pwovens peyi wa Asyeris la, nan trèzyèm jou douzyèm mwa a, ki vle di mwa Ada a. 13Nan chak pwovens, se pou yo te konsidere lèt la tankou yon lwa. Se pou yo te pibliye l' pou tout moun te ka konnen sa ki ladan l'. Jwif yo menm te pou pare pou yo te tire revanj yo sou lènmi yo jou sa a. 14Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou. 15Madoche soti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè violèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt. 16Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman; yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo. 17Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te li lèt wa a te voye a, jwif yo pase jou a ap fè fèt, yo te kontan, yo fè resepsyon, yo bay manje. Anpil moun lòt nasyon fè yo jwif lè sa a, paske yo te pè jwif yo anpil.

¿Sabías que…?
Un contradecreto real y la elevación de Mardoqueo
- Según la costumbre persa, un decreto oficial redactado en nombre del rey y sellado con el anillo real no podía ser revocado. Como el decreto anterior de Amán no podía anularse, el rey Asuero permitió a Ester y a Mardoqueo emitir una nueva orden que autorizaba a los judíos de todo el imperio a reunirse y defenderse.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahasuerus
- El Imperio persa abarcaba 127 provincias, extendiéndose desde la India —la región en torno al río Indo— hasta Cus o Etiopía, al sur de Egipto. Los escribas reales tradujeron el decreto de Mardoqueo a la escritura y lengua propias de cada provincia, y correos en veloces caballos reales partieron a distribuirlo.Fuentes: el propio texto bíblico · India · Ethiopia
- Mardoqueo recibió el anillo de sellar del rey que antes pertenecía a Amán y fue puesto a cargo de sus propiedades. Cuando se publicó el decreto, salió de la presencia del rey vestido con vestiduras reales de azul y blanco, una gran corona de oro y un manto de púrpura, lo que causó regocijo en Susa.Fuentes: el propio texto bíblico · Mordecai · Susa
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ethiopia · 16.935, 33.751 · versículo 9
- India · 23.994, 67.431 · versículo 9
- Susa · Hoy: Shush · 32.189, 48.258 · versículos 14, 15
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org