Ester 6
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Menm jou lannwit sa a, wa a pa t' ka dòmi. Li fè yo pote achiv gouvènman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fè yo li ladan l' pou li. 2Nan sa yo li a, te gen yon pòsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a. 3Wa a mande: -Kisa yo te fè pou Madoche lè sa a? Kisa yo te ba li pou sa? Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn: -Yo pa t' fè anyen pou li non. 4Wa a mande: -Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a? Lè sa a, Aman te fèk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l' te fè pann Madoche nan poto li te pare a. 5Mesye yo reponn: -Aman la a wi! L'ap espere ou nan lakou a. Wa a di: -Fè l' antre! 6Lè Aman antre, wa a di l' konsa: -Ki pi bèl bagay m' ta fè pou yon moun mwen ta renmen remèsye pou sèvis li rann mwen. Aman di nan kè l': Pa gen lòt moun wa a ta renmen remèsye pase mwen menm! 7Epi li di wa a: -Yon moun ou ta renmen remèsye pou sèvis li rann ou! 8Enben! Fè yo pran yonn nan bèl rad ou konn mete sou ou yo pote l' bay moun sa a. Pran chwal ou konn moute a ak tout kouwòn lan sou tèt li. 9Chwazi yonn nan pi gwo chèf ou yo, fè l' al abiye moun sa a ak rad wa a. Lèfini, l'a fè l' moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l' nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chèf la va di byen fò: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li. 10Lè sa a, wa a di Aman: -Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fè tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. w'a jwenn li chita bò pòtay palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a. 11Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l' sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li. 12Apre sa, Madoche tounen tounen l' bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l' sitèlman li te wont. 13Li rakonte madanm li ak tout zanmi l' yo tou sa ki te rive l'. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l' yo ki te gen bon konprann di l' konsa: -Si Madoche se yon jwif vre, koulye a ou p'ap ka fè l' anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l'. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou. 14Zanmi l' yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l' ale touswit nan fèt Estè te pare a.

¿Sabías que…?
La honra de Mardoqueo y la humillación de Amán
- En la corte persa, los escribas registraban los acontecimientos diarios y los servicios al reino en las crónicas reales oficiales. Cuando el rey Asuero no pudo dormir y ordenó que le leyeran estos anales, descubrió que Mardoqueo nunca había recibido honra ni recompensa por haber denunciado la conspiración de los guardias Bigtán y Teres.Fuentes: el propio texto bíblico · Bigthana · Teresh
- Las distinciones que propuso Amán—vestir una túnica usada por el propio monarca y montar el caballo real conducido por la plaza pública por un noble principal—constituían las máximas señales de favor persa. Amán ideó estos honores pensando que eran para él, pero el rey le ordenó otorgárselos a Mardoqueo.Fuentes: el propio texto bíblico · Haman
- Amán había ido al patio del palacio con la intención de pedirle al rey que ahorcara a Mardoqueo en la horca preparada para él. Sin embargo, tras verse obligado a pasear a Mardoqueo en triunfo, regresó a su casa abatido, donde su esposa Zeres y sus consejeros le advirtieron que caería irremediablemente ante él.Fuentes: el propio texto bíblico · Zeresh · Haman
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org