Deuteronomio 33
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Men benediksyon Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri. 2Li di: -Seyè a soti mòn Sinayi, li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi. L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an. Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès. Sou bò dwat li yon flanm dife. 3Seyè a renmen tout pèp sou latè. Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li. Yo bese nan pye l'. Yo resevwa lòd l'ap ba yo. 4Moyiz ban nou lalwa. Se yon byen li kite pou tout fanmi Jakòb la. 5Seyè a te wa nan mitan pèp Izrayèl la lè tout chèf pèp la te reyini, lè tout branch fanmi pèp Izrayèl la te sanble. 6Men sa li di pou branch fanmi Woubenn lan: Se pou Woubenn viv lontan! Fanmi li p'ap janm disparèt, malgre li pa gen anpil moun. 7Men sa li di pou branch fanmi Jida a: Seyè, koute vwa moun fanmi Jida yo! Fè yo mete tèt yo ansanm ankò ak rès pèp la. Goumen pou yo, Seyè! Se pou ou ede yo lè y'ap batay ak lènmi l' yo. 8Men sa li di pou branch fanmi Levi a: Seyè! Se ou menm ki pou fè yo konnen volonte ou. Y'ap sèvi ou san lage. Ou te sonde yo bò Masa. Ou te kenbe tèt ak yo bò sous dlo Meriba yo. 9Yo pa konn papa! Yo pa konn manman! Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit! Se lòd ou yo y'ap swiv, se kontra ou la y'ap kenbe fèm. 10Y'a moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo. Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la. Y'a boule lansan devan ou, y'a ofri sou lòtèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou. 11Seyè, ba yo anpil kouraj! Se pou yo fè ou plezi nan tou sa y'ap fè! Kase ren moun ki pa vle wè yo. Se pou lènmi l' yo pa ka leve tèt ankò. 12Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo. 13Men sa li di pou branch fanmi Jozèf la: Se pou Seyè a beni peyi ki pou yo a. L'a voye bonkou lapli sot nan syèl la, l'a fè sous dlo pete toupatou. 14L'a fè pyebwa ki donnen chak lanne bay bon rekòt. L'a fè pyebwa ki donnen chak sezon bay bon fwi. 15L'a fè vye mòn yo bay bèl rekòt. L'a fè vye tè mòn yo bay pi bon manje ki genyen. 16L'a fè tè yo a bay tout kalite bon rekòt. Bondye ki te pale nan touf raje a va ba yo favè l'. Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, paske nan tout pitit papa li yo, se li menm yo te chwazi. 17Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè. 18Men sa li di pou branch fanmi Zabilon an ak branch fanmi Isaka a: Nou menm moun Zabilon yo, se pou trafik sou lanmè nou mache byen. Nou menm moun Isaka yo, se pou komès n'ap fè lakay nou mache byen tou. 19Yo rele tout moun lòt nasyon yo vin sou mòn lan. Se la y'a fè ofrann Bondye mande yo, paske yo fè tout lajan yo sou lanmè, nan komès yo fè sou lanmè ak nan trafik lakòt y'ap fè toupatou. 20Men sa li di pou branch fanmi Gad la: Lwanj pou Bondye ki bay Gad anpil tè pou l' rete. Gad kouche tankou yon lyon k'ap veye, pou l' dechire yon bra, yon tèt, yon figi. 21Yo pran pi bon venn tè a pou yo. Se pòsyon tè ki toujou vin pou chèf. Se yo k'ap mache devan pèp la. Yo fè tou sa Seyè a te mande, yo swiv tout regleman Seyè a te bay pèp Izrayèl la. 22Men sa li di pou branch fanmi Dann lan: Dann se yon jenn ti lyon k'ap kouri soti peyi Bazan. 23Men sa li di pou branch fanmi Neftali a: Neftali resevwa kont benediksyon l'. Seyè a fè l' anpil anpil favè. Pòsyon tè yo ap soti bò letan an, l'ap desann jouk nan pwent sid peyi a. 24Men sa li di pou branch fanmi Asè a: Nan tout pitit Jakòb yo, benediksyon pou Asè! Tout frè li yo ap renmen l'. Se pou tè li yo rich ak pye oliv. 25Se pou pòtay lavil li yo fèt an fè ak an asye, pou li ka toujou viv ak kè poze. 26Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nwaj yo nan syèl la pou l' vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li. 27Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt. 28Pèp Izrayèl la ap viv ak kè poze. Moun pèp Izrayèl yo p'ap viv tankou lòt nasyon yo. Y'ap viv nan yon peyi k'ap bay anpil farin ak diven, nan yon peyi kote ki p'ap janm manke lapli. 29Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Seyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l' fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè lògèy yo a anba pye nou.

¿Sabías que…?
La Bendición Final de Moisés sobre las Tribus
- El poema comienza con una vívida descripción de Dios manifestándose desde el desierto meridional, mencionando expresamente el Sinaí, Seir y el monte Parán para representar al Señor amaneciendo como el sol sobre su pueblo congregado.Fuentes: el propio texto bíblico · Sinai · Seir · Mount Paran
- La bendición para la tribu de Leví resalta sus deberes sagrados: consultar el Urim y el Tumim, ofrecer incienso y holocaustos en el altar, y enseñar las ordenanzas y la ley de Dios a la asamblea de Israel.Fuentes: el propio texto bíblico · Massah · Meribah (of Horeb)
- La bendición de José anticipa gran fertilidad y poderío militar, mencionando específicamente tanto a Efraín como a Manasés, los dos linajes tribales descendientes de los hijos de José nacidos en Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Joseph (son of Jacob) · Ephraim · Manasseh (son of Joseph)
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Meribah · Hoy: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · versículo 2
- Meribah · Hoy: within 500 m of Wadi Rufaiyil · 28.623, 33.880 · versículo 8
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 22
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org