Nations Bible

Daniel 3

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Wa Nèbikadneza te fè fè yon gwo estati lò. Estati a te gen katrevendis pye wotè ak nèf pye lajè. Li fè yo mete l' kanpe nan mitan plenn Doura a, nan pwovens Babilòn lan. 2Lèfini, wa a bay lòd pou tout otorite yo: prefè, kòmandan, gouvènè, komisè, prepoze, jij, majistra ansanm ak tout lòt chèf pwovens yo, reyini pou y'a l' nan premye seremoni y'ap fè pou mete estati lò wa a te fè fè a an sèvis. 3Se konsa, tout otorite yo te reyini pou gwo fèt premye seremoni an. Yo te kanpe devan estati wa a te fè fè a. 4Yonn nan moun ki te konn fè piblikasyon yo pran pale byen fò, li di: -Nou menm moun tout nasyon, moun tout ras ki pale tout kalite lang, men lòd yo ban nou. 5Talè konsa nou pral tande yo kònen twonpèt. Apre sa, yo pral jwe fif, bandjo, gita. Lèfini, yo pral jwe tout lòt enstriman mizik yo ansanm. Lè mizik la konmanse, se pou nou mete ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a. Se pou nou adore l'. 6Tout moun ki refize mete ajenou devan estati a pou adore l', y'ap pran l' al lage tou vivan anndan yon gwo fou tou limen. 7Se konsa, tande moun yo tande twonpèt la ak tout lòt enstriman yo, yo tonbe ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a, yo adore l'. Te gen moun tout nasyon ki soti nan tout ras, epi ki pale tout kalite lang. 8Lè sa a, gen kèk moun lavil Babilòn ki pwofite al denonse jwif yo. 9Yo di wa Nèbikadneza konsa: -Se pou wa a viv pou tout tan! 10Monwa, ou fè pibliye yon lòd ki mande pou tout moun mete ajenou, pou yo adore estati lò a, lè y'a tande twonpèt ak tout lòt enstriman mizik yo ap jwe. 11Si yon moun pa mete ajenou pou adore estati a, se pou yo lage l' tout vivan nan gwo fou tou limen an. 12Enben! Gen twa jwif ou te mete reskonsab pwovens Babilòn lan. Se Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Mesye sa yo pa okipe lòd ou bay la, monwa. Yo pa adore bondye ou la. Yo pa mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a. 13Lè Nèbikadneza tande sa, li move anpil, li fè gwo kòlè, li bay lòd pou yo mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego ba li. Lamenm, yo mennen twa mesye yo devan wa a. 14Wa a di yo konsa: -Chadrak, Mechak ak Abèdnego, èske se vre nou derefize adore bondye mwen yo, nou derefize mete ajenou devan estati lò mwen te fè fè a? 15Bon, koulye a, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n' adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m'. 16Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nèbikadneza konsa: -Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou. 17Si Bondye n'ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l'ap fè l'. 18Men, menm si li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p'ap adore bondye pa ou yo, ni nou p'ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a. 19Lè wa Nèbikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kolè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l' la. 20Lèfini, li mande pou kèk sòlda ki pi gwonèg nan lame li a vin mare Chadrak, Mechak ak Abèdnego byen mare, apre sa pou lage yo jete nan gwo fou tou limen an. 21Se konsa yo pran mesye yo, yo mare yo byen mare, yo jete yo nan gwo fou tou limen an ak tout rad sou yo, soulye nan pye yo ak gwo mouchwa mare tèt yo. 22Lòd wa a te bay la te sevè, kifè yo te chofe fou a anpil anpil. Se konsa flanm dife ki t'ap soti nan fwa a boule gad ki t'ap jete mesye yo nan dife a. Yo mouri. 23Twa mesye yo menm, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, tonbe tou mare nan gwo fou tou limen an. 24Apre sa, wa Nèbikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l' yo: -Eske se pa t' twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an? Yo reponn li: -Se sa wi, monwa! 25Wa a di yo ankò: -Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo. 26Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a. 27Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo. 28Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a. 29Koulye a, men lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l'. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa. 30Wa a moute Chadrak, Mechak ak Abèdnego grad nan pwovens Babilòn lan.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La estatua de oro y el horno ardiente

  • La llanura de Dura, cuyo nombre significa "el círculo", se encontraba cerca de Babilonia, donde el rey Nabucodonosor levantó una estatua de oro de sesenta codos de alto y seis de ancho. En uno de los montículos del lugar se halló la base de una estatua colosal, considerada por investigadores como el pedestal de esta imagen de oro.Fuentes: Dura · el propio texto bíblico
  • Sadrac y Mesac eran nombres babilónicos dados a los jóvenes hebreos cautivos Ananías y Misael, quienes fueron educados en Babilonia y puestos a cargo de la provincia. A pesar de su posición oficial, ellos y su compañero Abed-nego prefirieron ser arrojados al horno de fuego ardiente antes que adorar la estatua del rey.Fuentes: Shadrach · Meshach · el propio texto bíblico
  • El rey Nabucodonosor, cuyo nombre en babilonio significa "¡Nebo, protege la corona!", fue el poderoso soberano que sucedió a su padre Nabopolasar. En inscripciones reales se llamaba a sí mismo "el favorito de Nebo", reflejando el entorno religioso babilónico frente al cual los tres hebreos mantuvieron su lealtad.Fuentes: Nebuchadnezzar · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 12, 30
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 8

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.