Colosenses 2
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Mwen vle fè nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lòt moun yo ki poko konn figi mwen. 2M'ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrè travay Bondye a, ki vle di Kris la. 3Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache. 4Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite. 5Paske, si mwen pa la avèk nou nan kò m', mwen la nan lespri mwen. Mwen kontan wè jan nou rete nan lòd, jan nou kenbe fèm nan konfyans nou gen nan Kris la. 6Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Seyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li. 7Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi. 8Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la. 9Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye. 10Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa. 11Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachè ki t'ap fè nou fè sa ki mal. 12Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l' tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò. 13Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche nou yo. 14Li chire papye kote tou sa nou te dwe l' yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l' nèt lè li kloure l' sou kwa a. 15Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la. 16Se sak fè, pa kite pesonn kritike nou pou sa n'ap manje, pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fè fèt, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou jou repo. 17Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye. 18Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo. 19Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l' grandi jan Bondye vle l' la. 20Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di: 21pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa? 22Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo. 23Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.

¿Sabías que…?
Plenitud en Cristo, no una enseñanza vacía
- El autor dice que está luchando por los lectores, por los que están en Laodicea y por todos los que nunca lo han encontrado cara a cara. Laodicea estaba en la frontera entre Frigia y Lidia, a orillas del Lico, a unas cuarenta millas al este de Éfeso, y era una de las ciudades más importantes y prósperas de Asia Menor.Fuentes: el propio texto bíblico · Laodicea
- Les advierte que no se dejen llevar cautivos por la filosofía y un engaño vacío, basados en la tradición humana y en las fuerzas espirituales del mundo, ni que se dejen engañar por una retórica suave.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo también dice que no deben permitir que nadie los juzgue por lo que comen o beben, ni por una fiesta, una luna nueva o un sábado —cosas que el texto llama sombra de lo que había de venir— y que deben resistir la falsa humildad, el culto a los ángeles y las reglas contra manejar, gustar y tocar, fundadas en mandatos humanos.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Laodicea · Hoy: Laodicea on the Lycus · 37.836, 29.108 · versículo 1
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org