Amós 4
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè. 2Koute sa Seyè a di: Seyè a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fè sèman sou tèt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale. 3Y'a fè nou pase nan twou ki nan miray la, de pye devan, yonn apre lòt. Y'ap voye nou jete deyò. Se Seyè a menm ki di sa. 4Seyè a di konsa: Nou menm, pèp Izrayèl, se sa! Moute nan tanp lavil Betèl yo, al fè peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kò nou! Chak maten, mennen bèt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou! 5Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l' mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Seyè a menm ki di sa. 6Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. 7Lè jaden nou tapral pote rekòt, mwen pa t' kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri. 8Moun soti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinaj al mande dlo, men pa t' gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. 9Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. 10Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. 11Mwen detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l' nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. 12Se poutèt sa, nou menm moun pèp Izrayèl, mwen pral pini nou. E paske mwen pral pini nou konsa a, nou mèt pare kò nou pou n'a l' kontre ak Bondye nou an. 13Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen soti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l': Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.

¿Sabías que…?
Advertencias desoídas y el Dios de los Ejércitos
- Amós se dirige a las mujeres ricas y opresoras de Samaria llamándolas vacas de Basán. Samaria era la capital del reino del norte de Israel, construida sobre una colina, mientras que Basán era una región fértil al norte de Galaad, famosa por sus abundantes pastos.Fuentes: el propio texto bíblico · Samaria · Bashan
- El profeta invita con ironía al pueblo a llevar sacrificios y diezmos a Betel y a Gilgal. Ambos lugares poseían una profunda relevancia histórica y religiosa en Israel, pero se habían convertido en centros de rituales vacíos y transgresión.Fuentes: el propio texto bíblico · Bethel (of Palestine) · Gilgal
- Amós enumera una serie de advertencias divinas mediante desastres naturales y militares, como sequías severas, plagas de langostas, pestilencias semejantes a las de Egipto y derrotas en el campo de batalla. A pesar de cada calamidad, el texto repite el estribillo de que el pueblo no se volvió a Dios.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 1
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículo 1
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 10
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org