Nations Bible

Hechos 15

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Kèk mesye soti nan peyi Jide rive lavil Antiòch. Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di: Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l' la. 2Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo. 3Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Finisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa. 4Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li. 5Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: Se pou n' sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n' mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou. 6Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen keksyon an. 7Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: Frè m' yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m' nan nou tout pou m' anonse bon nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l' pou yo rive kwè nan Bondye. 8Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an. 9Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li. 10Koulye a, poukisa pou n'ap seye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa t' ka pote? 11Okontrè, nou kwè se yon favè Jezikri fè nou lè l' delivre nou, menm jan li fè l' pou yo tou. 12Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo. 13Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: Frè m' yo, koute mwen. 14Simon fèk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l' te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li. 15Sou pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la: 16Apre sa, m'a retounen. Se Bondye k'ap pale. M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò. 17Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye, ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen. 18Men sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan. 19Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye. 20Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san. 21Paske, depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l' pou yo nan sinagòg yo. 22Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antiòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil. 23Yo te ba yo lèt sa a pote ale: Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antiòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi. 24Nou te vin konnen te gen moun ki soti bò isit la al lakay nou. Yo pa t' manke boulvèse nou, yo pa t' manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pa t' ba yo okenn lòd konsa. 25Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil, 26ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Seyè nou an. 27Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesaj la ak pwòp bouch yo. 28Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan keksyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sa n' dwe mete. 29Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou! 30Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antiòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la. 31Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo. 32Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs. 33Yo pase kèk tan nan lavil Antiòch. Apre sa, frè yo swate yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo. 34Men, Silas te pran desizyon pou l' te rete. 35Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antiòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Seyè a. 36Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Seyè a. Ann al wè ki jan yo ye. 37Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo. 38Men, Pòl pa t' kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l', paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pa t' rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini. 39Lè sa a, yon diskisyon byen cho leve ant Pòl ak Banabas, tèlman yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran yon batiman, y' ale lil Chip. 40Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l' favè l', li pati. 41Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El concilio sobre los creyentes gentiles

  • La controversia comenzó en Antioquía, a orillas del Orontes, unas trescientas millas al norte de Jerusalén, ciudad que entonces ocupaba el tercer lugar entre las ciudades del Imperio romano, después de Roma y Alejandría. De camino al concilio, Pablo y Bernabé pasaron por Fenicia, una franja costera de unas ciento veinte millas, y por Samaria. Una nota cronológica fecha el Concilio de Jerusalén en el año 46 d. C.Fuentes: Antioch (Syria) · Phenicia · el propio texto bíblico · Jerusalem Council
  • El Easton's Bible Dictionary (1897) afirma que Santiago, a quien llama hermano o pariente cercano de Jesús, dirigía la iglesia en Jerusalén y presidió el concilio sobre los gentiles. La carta que siguió iba dirigida a los creyentes gentiles de Antioquía, Siria y Cilicia. Cilicia, provincia de origen de Pablo y provincia marítima romana en el sureste de Asia Menor desde el 67 a. C., incluía su ciudad natal, Tarso.Fuentes: James (Brother of Jesus) · el propio texto bíblico · Cilicia · Paul
  • Judas, llamado Barsabás, y Silas, también conocido como Silvano, eran profetas y hombres destacados de la iglesia de Jerusalén, enviados para confirmar en persona la decisión del concilio. Un desacuerdo posterior y agudo por Juan Marcos, primo de Bernabé, separó a los dos misioneros: Bernabé se llevó a Marcos y zarpó hacia Chipre, mientras Pablo eligió a Silas. Una nota cronológica fecha esa separación en el año 47 d. C.Fuentes: el propio texto bíblico · Silas · John Mark · Paul and Barnabas part ways

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Antioch · Hoy: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · versículos 1, 22, 23, 30, 35
  • Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 3, 4, 22, 23, 33
  • Phoenicia · 33.271, 35.196 · versículo 3
  • Samaria · Hoy: Samaria 2 · 32.276, 35.195 · versículo 3
  • Cilicia · 36.913, 34.892 · versículos 23, 41
  • Syria · Hoy: Syria 2 · 33.511, 36.306 · versículos 23, 41
  • Pamphylia · 37.000, 31.000 · versículo 38
  • Cyprus · 35.000, 33.000 · versículo 39

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.