2 Tesalonicenses 2
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Ann konsidere lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt pou l' sanble nou ansanm bò kote li. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou: 2Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bèl diskou, ni ak ankenn lèt mwen ta swadizan ekri nou, pou yo fè nou kwè jou Seyè a rive deja. 3Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. 4Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye. 5Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m' te lakay nou toujou? 6Men, gen yon bagay k'ap anpeche levènman sa yo rive koulye a. Nou konnen kisa li ye: Se sak fè, mechan an p'ap parèt anvan lè li. 7Wi, pouvwa mechan an deja ap travay anba chal. Men, anvan pou levènman sa yo rive, se pou moun k'ap ba l' baryè a disparèt. 8Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li. 9Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. 10Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. 11Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. 12Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen. 13Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a. 14Gremesi bon nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyè nou an. 15Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an. 16M'ap lapriyè Jezikri, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouraj ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa. 17M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouraj pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.

¿Sabías que…?
El Día del Señor todavía no ha llegado
- El capítulo pide a los lectores que no se alarmen fácilmente por un espíritu, un mensaje o una carta que solo parezca venir de los autores y afirme que el Día del Señor ya ha llegado. Dice que ese día no vendrá hasta que ocurra la rebelión y sea revelado el hombre de iniquidad.Fuentes: el propio texto bíblico
- Llamado también hijo de perdición, es descrito como quien se exalta sobre todo supuesto dios, se sienta en el templo de Dios y se proclama Dios. El pasaje habla de lo que ahora lo detiene y de quien lo detiene, pero no da nombre a esa restricción.Fuentes: el propio texto bíblico
- La venida del inicuo va acompañada de la acción de Satanás, con toda clase de poder, señales y falsos prodigios. Satanás significa adversario o acusador; en el Nuevo Testamento el nombre se usa de manera intercambiable con Diabolos, el diablo, más de treinta veces.Fuentes: el propio texto bíblico · Satan
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org