2 Samuel 6
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Yon lòt fwa ankò, David reyini tout pi bon sòlda pèp Izrayèl la. Sa te fè antou trantmil (030.000) gason. 2Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l' yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo. 3Yo pran Bwat la kay Abenadab sou mòn lan, mete l' sou yon kabwa tou nèf, yo pote l' ale. Ouza ak Akiyo, pitit gason Abenadab yo, t'ap mennen kabwa 4kote yo te mete Bwat Kontra Bondye a. Akiyo t'ap mache devan kabwa a. 5David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal. 6Lè yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l', li soutni Bwat Kontra a. 7Men Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt paske li pa t' gen dwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a. 8David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza konsa. Se poutèt sa depi lè sa a yo rele kote sa a Perèz-Ouza, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. 9Lè sa a, David vin pè Seyè a. Li di li pa wè ki jan pou l' pran Bwat Kontra a lakay li. 10Se konsa li pran desizyon pou l' pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l' kay Obèdedon, yon moun lavil Gat. 11Bwat la pase twa mwa lakay li. Seyè a te beni Obèdedon ansanm ak tout moun lakay li. 12Lè David tande jan Seyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l' t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Seyè a pou pote l' nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la. 13Lè moun ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a fè sis pa annavan, David fè yo rete, li touye yon gwo towo ak yon ti towo bèf chatre pou Seyè a. 14Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Seyè a. Li pa t' gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l'. 15Se konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Seyè a lavil Jerizalèm. Yo t'ap fè fèt, yo t'ap kònen twonpèt sou tout wout la. 16Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Seyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò. 17Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. 18Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè ki gen tout pouvwa a. 19Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo. 20Apre sa, David al lakay li pou l' beni fanmi pa l' tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l' konsa: -Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l' yo! 21David reponn li: -Se vre. Mwen t'ap danse pou m' te fè lwanj Seyè a ki te pito m' pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m', li mete m' chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M'ap toujou ka danse devan l' pou m' fè lwanj li. 22M'ap desanm tèt mwen pi ba toujou pase sa. Dapre ou, se desann m'ap desann sousi m'. Men, sèvant w'ap pale yo ap toujou ka leve m' anlè. 23Mikal, pitit fi Sayil la, pa janm fè pitit jouk li mouri.

¿Sabías que…?
El traslado del arca a Jerusalén
- Baala de Judá es otro nombre para Quiriat-jearim, la ciudad donde el arca del pacto había permanecido en la casa de Abinadab desde su regreso del territorio filisteo. El rey David reunió a treinta mil hombres escogidos de Israel para trasladarla desde allí hacia Jerusalén sobre una carreta nueva guiada por los hijos de Abinadab, Uza y Ahío.Fuentes: Baale-judah · Abinadab · Ahio · el propio texto bíblico
- Cuando los bueyes tropezaron en la era de Nacón, Uza extendió la mano para sostener el arca y murió en el lugar. David llamó a ese sitio Pérez-uza, que significa brecha de Uza, y desvió temporalmente el arca a la casa de Obed-edom geteo durante tres meses antes de completar su traslado a Jerusalén.Fuentes: Perez-uzzah · Uzzah · el propio texto bíblico
- Mical, hija de Saúl y esposa de David, miró desde una ventana y despreció en su corazón al rey al verlo saltar y danzar con un efod de lino ante el arca. Cuando ella le reprochó lo que consideraba una conducta indigna ante el pueblo, David defendió su regocijo ante Dios, y Mical no tuvo hijos hasta el día de su muerte.Fuentes: Michal · Saul · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Baale-judah · Hoy: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · versículo 2
- Perez-uzzah · Hoy: within 1 km of Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 8
- City of David · 31.774, 35.236 · versículos 10, 12, 16
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org