Nations Bible

2 Reyes 20

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou. 2Ezekyas vire figi l' bay panno a fas, li lapriyè Seyè a. 3Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'. 4Lè Ezayi kite wa a, li pa t' ankò soti nan lakou ki nan mitan palè a lè Seyè a pale avè l', li di l' konsa: 5—Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a. 6M'ap kite ou viv kenzan ankò, m'ap delivre ou, ou menm ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pwoteje lavil la poutèt David sèvitè m' lan, ak poutèt mwen. 7Ezayi mande pou fè yon kataplas ak fig frans mete sou malenng wa a. Yo fè sa vre. Epi wa a geri. 8Lè sa a, wa a mande Ezayi: —Kisa ki pral fè m' konnen Seyè a pral geri m' pou nan twa jou m' ka al nan Tanp Seyè a? 9Ezayi reponn li: —Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fè bak sou dis ti mak? 10Ezekyas di l': —Se bagay fasil pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak. L'ap pi difisil pou l' fè bak sou dis ti mak. 11Pwofèt Izayi lapriyè Seyè a epi Seyè a fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak li te fin depase nan kadran solèy wa Akaz te fè a. 12Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado. 13Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a. 14Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': —Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: —Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn. 15Ezayi di l' konsa: —Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: —Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo. 16Ezayi di wa Ezekyas konsa: —Koute mesaj Seyè ki gen pouvwa a voye ba ou: 17Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa. 18Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan. 19Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: —Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la! 20Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 21Lè Ezekyas mouri, se Manase, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La enfermedad de Ezequías y los enviados babilonios

  • Cuando Ezequías pidió una señal de confirmación de que se recuperaría de su enfermedad mortal, la sombra retrocedió diez gradas en la escalinata de su padre y predecesor, Acaz.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahaz · Hezekiah
  • Merodac-baladán, hijo de Baladán y rey de Babilonia, envió cartas y presentes al enterarse de la recuperación de Ezequías. Después de que el rey de Judá mostró a los emisarios toda la plata, el oro, las especias y las armas de sus almacenes, Isaías anunció que estos tesoros y descendientes reales serían llevados algún día a Babilonia.Fuentes: el propio texto bíblico · Baladan · Babylon
  • Más allá de sus reformas religiosas y defensas militares, el texto bíblico destaca la obra de ingeniería de Ezequías al construir un estanque y un túnel para conducir agua directamente hacia la ciudad de Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico · Hezekiah

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 6
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 12, 14, 17, 18

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.