Nations Bible

2 Corintios 8

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Frè m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo. 2Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite. 3Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, 4se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a. 5Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la. 6Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka kontinye travay li te kòmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n' bay la ak tout kè nou. 7Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan kònesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich. 8Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou. 9Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich. 10Men lide mwen fè sou keksyon sa a. Depi lanne pase anwo, se nou menm an premye ki te fè lide ede frè yo. Se nou menm an premye ki te kòmanse ranmase lajan pou sa. 11Koulye a, se pou n' kontinye fin fè jès la nèt. Menm jan nou te mete tout kè nou lè nou t'ap pran desizyon fè l' la, mete tout kè nou pou nou fini ak sa, dapre mwayen nou. 12Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen. 13Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan. 14Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, 15dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. 16Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen! 17Tit te asepte fè sa m' te mande l' fè a. Men, li te sitèlman prese vin ede nou, se li menm menm ki pran desizyon ale lakay nou. 18Nou voye yon frè avè li. Tout moun nan legliz yo ap nonmen non frè sa a pou jan l' travay pou anonse bon nouvèl la. 19Apre sa, se legliz yo menm ki te chwazi l' pou vwayaje ansanm ak nou, pou ede ranmase lajan nou t'ap bay la. Lajan sa a gen pou sèvi yon lwanj pou Bondye, anmenmtan l'ap fè wè jan nou vle ede vre. 20Nou pran tout prekosyon sa yo pou moun pa jwenn repwòch pou yo fè nou pou gwo lajan sa a ki nan men nou an. 21N'ap chache fè tout bagay pwòp, pa sèlman devan Bondye, men devan tout moun tou. 22N'ap voye yon lòt nan frè nou yo ak yo tou. Nou te swiv frè sa a anpil, li toujou moutre anpil devouman nan sèvis la. Men, koulye a li gen plis devouman toujou pou jan li fè nou konfyans anpil. 23Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avè m' pou nou. Pou lòt frè ki avè l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la. 24Fè yo wè jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sèten nou renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezòn pale byen pou nou konsa.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Generosidad y la colecta para Jerusalén

  • En tiempos del Nuevo Testamento, Macedonia era una provincia romana al norte de Grecia. Pablo fue llamado por la visión de un hombre de Macedonia para predicar el evangelio allí, y este capítulo cuenta a los corintios cómo esas iglesias, en una terrible prueba y en profunda pobreza, dieron con alegría e incluso más allá de lo que podían.Fuentes: Macedonia · el propio texto bíblico
  • Tito, cuyo nombre no aparece en Hechos, parece haber sido un gentil dedicado sobre todo a ministrar a los gentiles. Desde Éfeso, Pablo lo envió a Corinto para hacer llegar las contribuciones de la iglesia a favor de los santos pobres de Jerusalén; en este capítulo, Pablo lo insta a completar esa obra, y Tito viene con entusiasmo por propia iniciativa.Fuentes: Titus · el propio texto bíblico
  • Junto con Tito, Pablo envía a un hermano alabado por todas las iglesias por su trabajo en el evangelio y elegido por ellas para acompañar la ofrenda, y a otro hermano cuyo empeño ya ha sido probado muchas veces y de muchas maneras. Explica que ese cuidado busca evitar críticas sobre cómo se administra el generoso donativo, de modo que hagan lo correcto no solo ante los ojos del Señor, sino también ante los ojos de las demás personas.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Macedonia · 41.600, 22.540 · versículo 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 19

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.