2 Crónicas 8
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Wa Salomon te pran ventan pou l' bati kay Seyè a ak kay pa li a. 2Li rebati tout lavil wa Iram te ba li, li voye moun pèp Izrayèl al rete ladan yo. 3Apre sa, li al atake lavil Amat nan Zoba, li pran li. 4Li rebati lavil Tadmò nan dezè a ansanm ak tout lavil nan zòn Amat la pou sevi depo pwovizyon. 5Salomon rebati Bètowon anwo ak Bètowon anba, li byen pwoteje yo ak miray ranpa, gwo pòtay ak ba pou fèmen yo. 6Li rebati lavil Balat, tout lavil kote li te fè depo pwovizyon, tout lavil kote yo te gade chwal li yo ansanm ak cha lagè yo. Li bati tou sa li te fè lide bati nan lavil Jerizalèm, nan peyi Liban ak nan tout lòt peyi ki te sou zòd li yo. 7-(we vèsè pwochen) 8Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori, moun Et, moun Ferezi, moun Iva ak moun Jebis. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a. 9Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo. 10Te gen desansenkant (0250) moun gouvènè yo te chwazi pou sèvi fòmann. Se yo ki te reskonsab kontwole tout travay ki t'ap fèt yo. 11Salomon fè madanm li, pitit fi farawon an, kite lavil David, al rete nan kay li te bati pou li a. Li t'ap di nan kè l': Ata madanm mwen pa gen dwa rete nan kay David, wa peyi Izrayèl la, paske tout kote Bwat Kontra Seyè a te pase se kote ki fèt pou rete apa pou Bondye. 12Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye sou lotèl li te fè bati pou Seyè a devan Tanp lan. 13Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo. 14Dapre regleman David, papa l', te bay, li mete chak gwoup nan travay pa yo, prèt yo pou fè sèvis pou Bondye, moun Levi yo pou fè lwanj Seyè a epi pou ede prèt yo nan travay yo dapre sa ki pou fèt chak jou fèt yo. Li bay chak gwoup gad pòtay Tanp lan lè travay yo nan chak pòtay, dapre lòd David, moun Bondye a, te kite. 15Se konsa, yo te swiv tout ti detay ki nan lòd wa David te bay pou prèt yo ak pou moun Levi yo, ata lòd li te bay pou trezò Tanp lan. 16Se konsa tout travay Salomon te vle fè a te fin fèt, depi jou yo t'ap fouye fondasyon Tanp Seyè a jouk yo fini l'. Tanp Seyè a pa t' manke anyen ankò pou l' fini. 17Apre sa, Salomon ale lavil Ezyongebè ak lavil Elat bò Lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou moun Edon yo. 18Wa Iram te voye batiman ansanm ak moun peyi l' ki te konn lanmè bay Salomon pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo. Se chèf ki t'ap sèvi nan gouvènman Iram yo ki te vin renmèt batiman yo. Maren Iram yo vwayaje ansanm ak moun pa Salomon yo rive peyi Ofi, kote yo al chache trèz tòn lò pote bay Salomon.

¿Sabías que…?
Las construcciones y la administración de Salomón
- Salomón fortificó lugares estratégicos en su reino, incluidos Bet-horón la de arriba y Bet-horón la de abajo para proteger el paso de Jerusalén a la llanura costera, además de Tadmor (más tarde conocida como Palmira) en el desierto sirio.Fuentes: el propio texto bíblico · Beth-horon · Tadmor
- Salomón trasladó a su esposa, la hija de Faraón, de la Ciudad de David a un palacio propio, afirmando que cualquier lugar donde hubiera estado el arca del Señor era sagrado.Fuentes: el propio texto bíblico · Daughter of Pharaoh
- En alianza con el rey Hiram de Tiro, marineros experimentados navegaron desde Ezión-géber y Elat, en la costa de Edom, junto con los siervos de Salomón hacia Ofir, trayendo de regreso 450 talentos de oro.Fuentes: el propio texto bíblico · Hiram
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Hamath · Hoy: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 4
- Tadmor · Hoy: Palmyra · 34.547, 38.274 · versículo 4
- Lower Beth-horon · Hoy: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · versículo 5
- Upper Beth-horon · Hoy: Beit Ur al Fauqa · 31.886, 35.114 · versículo 5
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 6
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 6
- City of David · 31.774, 35.236 · versículo 11
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 17
- Red Sea · Hoy: Gulf of Aqaba · 28.750, 34.750 · versículo 17
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org