1 Timoteo 3
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Sa se yon pawòl ki vre: Si yon moun dèyè yon pozisyon pou l' dirije nan legliz, li dèyè yon bèl travay. 2Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a. 3Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan. 4Se pou l' konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l' ak respè. 5Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l', kouman li ka dirije legliz Bondye a? 6Fòk li pa yon nonm ki fèk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l' nan tèt, la tonbe anba men m' kondannasyon ak Satan. 7Se pou li gen bon repitasyon devan moun ki pa nan legliz la, pou yo pa pase l' nan betiz, pou l' pa pran nan pèlen Satan. 8Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan. 9Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp. 10Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak. 11Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay. 12Yon dyak fèt pou l' gen yon sèl madanm, se pou l' konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen. 13Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a. 14M'ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan. 15Men, si m' pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a. 16Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l' tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l' nan syèl la.

¿Sabías que…?
Supervisores, diáconos y la casa de Dios
- El capítulo dice que quien aspira a ser supervisor desea una tarea noble, pero debe ser irreprochable: esposo de una sola mujer, moderado, hospitalario, apto para enseñar, amable y libre del amor al dinero, entre otras cualidades. Debe gobernar su propia casa y mantener a sus hijos bajo control con toda dignidad, pues el autor pregunta cómo puede cuidar de la iglesia de Dios quien no sabe hacer eso. No debe ser un converso reciente, o puede volverse presumido y caer bajo la misma condenación que el diablo, y debe tener buena reputación entre los de afuera.Fuentes: el propio texto bíblico
- Los diáconos deben ser dignos, no de doble lengua, no dados a mucho vino y no codiciosos de dinero, y deben guardar el misterio de la fe con limpia conciencia. Deben ser puestos a prueba primero y solo pueden servir si son irreprochables; como el supervisor, el diácono debe ser esposo de una sola mujer y gobernar bien a sus hijos y su propia casa. El capítulo también dice que las mujeres deben ser dignas, no calumniadoras, sino moderadas y fieles en todo, y que quienes sirven bien como diáconos alcanzan una posición elevada y gran confianza en la fe que es en Cristo Jesús.Fuentes: el propio texto bíblico
- El autor espera llegar pronto, pero escribe por si se demora, para que el destinatario sepa cómo debe conducirse cada uno en la casa de Dios, la iglesia del Dios vivo, columna y fundamento de la verdad. El capítulo cierra con una confesión común de que el misterio de la piedad es grande: él apareció en la carne, fue vindicado por el Espíritu, fue visto por los ángeles, fue proclamado entre las naciones, fue creído en todo el mundo y fue elevado en gloria.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org