1 Samuel 8
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè Samyèl konmanse granmoun, li mete pitit gason l' yo pou gouvènen pèp Izrayèl la. 2Pi gran an te rele Joèl, piti a te rele Abija. Se lavil Bècheba yo t'ap gouvènen. 3Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri. 4Lè sa a, tout chèf fanmi ki te reskonsab pèp Izrayèl la sanble, y' al jwenn Samyèl lavil Rama. 5Epi yo di l': -Gade! Ou fin granmoun. Pitit ou yo pa swiv egzanp ou te ba yo. Koulye a, chwazi yon wa pou gouvènen nou, jan sa fèt nan tout lòt peyi yo. 6Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a. 7Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò. 8Depi lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la, se sa ase y'ap fè m'. Y'ap vire do ban mwen, y'ap sèvi lòt bondye. Se menm bagay la y'ap fè ou jòdi a tou. 9Se poutèt sa, koute sa y'ap di ou. Tansèlman, avèti yo pou mwen. Tou fè yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo. 10Samyèl rapòte bay pèp la ki t'ap mande yon wa a tout pawòl Seyè a te di l'. 11Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Genyen ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li. 12L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil (01000) sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo. 13L'ap pran pitit fi nou yo pou fè odè, pou fè manje ak pou fè pen pou li. 14L'ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sèvi l' yo. 15L'ap pran yon dizyèm sou tout rekòt danre nou yo ak sou tout rekòt pye rezen nou yo pou l' bay moun konfyans li yo ak lòt moun k'ap sèvi anndan lakay li. 16L'ap pran pi bon domestik nou yo ak pi bon sèvant nou yo, pi bon bèf nou yo ak pi bon bourik nou yo pou fè yo travay pou li. 17L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lèfini, l'ap fè nou tounen esklav li. 18Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n' ava chwazi a. Men lè sa a, Seyè a p'ap okipe nou. 19Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di: -Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou, 20pou nou kapab menm jan ak tout lòt nasyon yo. Wa nou an va gouvènen nou, l'a mache alatèt lame nou lè nou pral nan lagè, l'a mennen batay nou pou nou. 21Samyèl tande tou sa pèp la t'ap di. L' ale rapòte yo bay Seyè a. 22Lè sa a, Seyè a reponn li: -Ou mèt fè sa yo di a. Ba yo yon wa pou gouvènen yo. Epi Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Tout moun mèt tounen lakay yo.
¿Sabías que…?
Israel exige un rey
- Samuel nombró a sus hijos, Joel y Abías, como jueces en Beerseba, una antigua ciudad en el extremo sur de la Tierra Prometida. Su conducta corrupta, al aceptar sobornos y pervertir la justicia, generó un profundo descontento que impulsó a los líderes a exigir un cambio de gobierno.Fuentes: el propio texto bíblico · Joel · Abiah · Beersheba
- Los ancianos acudieron a Ramá, en la región montañosa de Efraín, para pedirle a Samuel un rey que los gobernara como a las naciones vecinas. A Samuel le disgustó la petición, pero el SEÑOR le explicó que el pueblo estaba rechazando Su reinado divino y no solo a Samuel.Fuentes: el propio texto bíblico · Ramah
- Samuel advirtió solemnemente al pueblo sobre las pesadas cargas que traería una monarquía. Les explicó que el rey reclutaría a sus hijos para carros de guerra y tropas militares, emplearía a sus hijas como perfumistas y cocineras, y confiscaría diezmos de cosechas, rebaños y tierras.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 8
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org