Nations Bible

1 Samuel 23

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Yon jou, David vin konnen moun Filisti yo t' al atake lavil Keyila, yo t'ap vòlò tout grenn jaden moun yo te gen sou glasi yo. 2Lè sa a, David al mande Seyè a: -Eske mwen mèt al atake moun Filisti yo? Seyè a di David: -Ou mèt ale! Atake yo. Delivre lavil Keyila. 3Men, moun David yo di l' konsa: -Kote nou ye bò isit la nan peyi Jida, nou te pè kont kò nou deja. Sa pral pi rèd pou nou si se pou n' al lavil Keyila pou n' goumen ak lame moun Filisti yo. 4David tounen al pale ak Seyè a ankò. Seyè a reponn li: -Leve non! Desann lavil Keyila, paske m'ap lage moun Filisti yo nan men ou. 5Se konsa, David mache sou lavil Keyila avèk tout moun ki te avè l' yo. Li atake moun Filisti yo. Li touye anpil nan yo, epi li pran tout zannimo yo. Se konsa David te delivre moun lavil Keyila yo. 6Lè Abyata, pitit gason Akimelèk la, te sove al jwenn David, li te desann lavil Keyila avèk Bwat Kontra Bondye a nan men l'. 7Yo vin di Sayil David te desann lavil Keyila. Epi Sayil di: -Bondye lage l' nan men m' koulye a. Gade ki jan David al fèmen kò l' nan yon lavil ki gen gwo miray ak gwo pòtay byen solid! 8Se konsa Sayil fè rele tout lame li a pou y' al goumen, pou yo mache sou lavil Keyila, pou yo sènen David ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. 9Lè David tande Sayil te fè lide vin atake l', li rele Abyata, prèt la, li di l' konsa: -Pote Bwat Bondye a vini! 10Epi David di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, mwen tande yo di Sayil pare pou l' antre lavil Keyila, pou l' kraze l' nèt e se dèyè m' li ye. 11Eske moun lavil Keyila yo pral lage m' nan men l'? Eske se tout bon Sayil ap desann jan yo di m' li an? O Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, di m' si se vre? Seyè a reponn: -Sayil ap desann vre! 12David di li: -Eske moun lavil Keyila yo pral lage m' nan men Sayil? Seyè a reponn: -Y'ap fè l' vre. 13Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Yo te sisan (0600) konsa. Yo kite lavil Keyila lamenm, yo pati, yo pran mache san konnen kote yo prale. Lè Sayil vin konnen David te chape soti lavil Keyila, li chanje lide, li pa mache sou Keyila ankò. 14David te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l'. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil. 15Atousa David te pè toujou paske li te konnen Sayil te soti pou touye l'. David te bò lavil Oreya, nan dezè Zif la. 16Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l' kouraj. Li t'ap di l' ki jan Bondye ap toujou la avèk li. 17Li t'ap di l' konsa: -David monchè, ou pa bezwen pè! Sayil, papa m', p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m', konn sa tou! 18De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Seyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l' lakay li. 19Kèk moun nan zòn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y' al di l': -Men David kache nan peyi nou an, nan falèz ki bò lavil Oreya, sou mòn Akiya ki nan bò sid dezè Jida a. 20Nenpòt kilè ou fè lide desann lakay nou, ou mèt desann, n'a mete men sou li pou nou ba ou li. 21Sayil reponn yo: -Se pou Seyè a beni nou pou sa n'ap fè pou mwen la a. 22Ale non. Ale wè si se vre. Se pou nou chache konnen byen kote li fè, ki moun ki wè l' la. Paske yo di m' li malen anpil. 23Chache konnen tout kote li kab kache. Epi lè n'a sèten tout bon, n'a tounen vin jwenn mwen. Lè sa a, m'a desann avèk nou. Si li la toujou nan peyi a, m' aval chache l', menm si m' dwe fouye nan tout rakwen peyi Jida a. 24Se konsa moun Zif yo leve, yo pran devan wa a, yo pati pou peyi yo. David menm ansanm ak moun li yo te nan dezè Maon an, nan fon ki nan pòsyon sid dezè a. 25Sayil ak moun pa l' yo mete chache David. Men David vin konn sa. Li desann nan Pas Galèt la, ki nan dezè Maon an. Epi li rete la. Lè Sayil vin konn sa, li desann dèyè David nan dezè Maon an. 26Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l'. Sayil te prèt pou mete men sou li. 27Lè sa a, yon mesaje vin jwenn Sayil, li di l' konsa: -Tounen touswit, paske men moun Filisti yo ap anvayi peyi a. 28Sayil sispann kouri dèyè David, l' al mache kontre moun Filisti yo. Se poutèt sa yo rele ravin sa a Galèt Separasyon. 29David menm ale nan falèz Angedi yo, li rete kache la.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La huida y los rescates de David

  • Cuando Abiatar huyó de la matanza de los sacerdotes en Nob, llevó consigo el efod sacerdotal hasta David. David utilizó esta vestidura sagrada para consultar directamente al Señor sobre decisiones estratégicas, como la defensa de Keila y la fidelidad de sus habitantes.Fuentes: el propio texto bíblico · Abiathar
  • Jonatán buscó a David en la zona boscosa de Hores, en el desierto de Zif, para fortalecerlo en Dios y reafirmar su pacto. Jonatán le aseguró a David que reinaría sobre Israel y que Saúl no lo dañaría, marcando el último encuentro registrado entre ambos amigos.Fuentes: el propio texto bíblico · Jonathan · Keilah
  • David recorrió varios terrenos agrestes en el territorio de Judá para eludir a Saúl, incluyendo Keila en las tierras bajas y los desiertos de Zif y Maón al sur de Hebrón. En Maón, Saúl y sus hombres casi rodearon a David en lados opuestos de una montaña, hasta que el aviso de una incursión filistea obligó a Saúl a interrumpir la persecución.Fuentes: el propio texto bíblico · Keilah · Maon · Ziph

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Wilderness of Ziph · 31.475, 35.135 · versículos 14, 15
  • Jeshimon · 31.470, 35.223 · versículos 19, 24
  • Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 24
  • Wilderness of Maon · 31.409, 35.134 · versículos 24, 25
  • Engedi · Hoy: Ein Gedi · 31.450, 35.383 · versículo 29

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.