1 Samuel 19
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l' yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil. 2Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm. 3Mwen menm, m'ap soti, mwen pral jwenn papa m' nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l' reponn mwen, m'a fè ou konnen. 4Jonatan t'ap bay bèl pawòl pou David devan papa l', li t'ap di konsa: -Monwa, piga ou fè David, sèvitè ou la, anyen. Li menm, li pa janm fè ou anyen. Tou sa li fè toujou sèvi ou. 5Li riske lavi li lè l' al touye sòlda Filisti a. Se konsa Seyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fè anyen? 6Sayil koute Jonatan, li fè sèman, li di l': -Mwen fè sèman devan Seyè a ki vivan, yo p'ap touye David. 7Jonatan rele David, li rapòte l' tout pawòl sa yo. Apre sa, li mennen David bay Sayil. Epi David tanmen sèvi wa a ankò jan li te konn fè anvan an. 8Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fè yo kouri met deyò devan li. 9Yon jou Seyè a voye yon move lespri ki desann sou Sayil. Sayil te chita lakay li, li te kenbe frenn li nan men l'. David menm t'ap jwe mizik. 10Sayil t'ap chache kloure David nan miray la ak frenn li, men David eskive kò l', epi frenn lan al antre nan miray la. David kouri chape kò l'. Menm jou sa a, nan mitan lannwit, 11Sayil voye kèk espyon al veye kay David la pou yo te touye l' nan maten. Men, Mikal, madan David, avèti mari l'. Li di l': -Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri. 12Li fè David soti nan yon fennèt. David kouri, li chape kò l'. 13Lè sa a, Mikal pran yon zidòl wogatwa, li mete l' kouche sou kabann lan, li pran yon zòrye fèt ak plim kabrit, li mete l' nan plas tèt la, epi li kouvri tout ak yon dra. 14Lè moun Sayil yo vin pou pran David, Mikal di yo David kouche malad. 15Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y' al wè David ak je yo. Li di yo: -Mennen l' isit ban mwen ak tout kabann li an pou m' fè touye l'. 16Lè mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn estati zidòl wogatwa a sou kabann lan ak zòrye plim kabrit la kote pou tèt la te ye a. 17Sayil di Mikal konsa: -Poukisa ou woule m' konsa? Ou kite lènmi mwen an chape. Mikal reponn li: -Li te di m' si m' pa kite l' chape, l'ap touye m'! 18David menm kouri chape kò l', l' al jwenn Samyèl lavil Rama. Li rakonte l' tou sa Sayil te fè l'. Apre sa, li menm ansanm ak Samyèl y' ale rete lavil Najòt. 19Y' al di Sayil men David te lavil Najòt nan zòn Rama a. 20Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo. 21Yo vin di Sayil sa. Lè sa a, li voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo tou. Yon twazyèm fwa, Sayil voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo. 22Lè sa a, Sayil leve, l' ale li menm lavil Rama. Lè li rive bò gwo sitèn dlo ki lavil Sekou a, li mande kote Samyèl ak David ye. Yo di l' yo lavil Najòt nan zòn Rama a. 23Li pati dèyè yo. Antan l'ap mache konsa, lespri Bondye a desann nan tèt li tou. Li t'ap fè menm bagay ak pwofèt yo sou tout wout la, jouk li rive devan lavil Najòt nan zòn Rama a. 24Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil gen lè pwofèt tou?

¿Sabías que…?
Las huidas de David de Saúl
- Cuando Saúl envió mensajeros para matar a David en su casa, Mical, la esposa de David, lo ayudó a escapar por una ventana. Luego colocó un ídolo doméstico disfrazado con pelo de cabra y mantos en la cama para retrasar a los mensajeros y darle tiempo a David para huir.Fuentes: el propio texto bíblico · Michal
- David huyó hacia el profeta Samuel en Ramá y fue con él a Naiot. El nombre Naiot significa moradas y se refiere a un asentamiento cerca de Ramá donde vivía una comunidad de profetas bajo la dirección de Samuel.Fuentes: el propio texto bíblico · Naioth · Samuel
- Al perseguir a David hacia Ramá, Saúl se detuvo a pedir información junto a la gran cisterna de Secú, un lugar situado en una colina entre Guibeá y Ramá.Fuentes: el propio texto bíblico · Secu
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Secu · Hoy: between Gibeah and Ramah · 31.937, 35.145 · versículo 22
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org