1 Samuel 16
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa. 2Samyèl di li: -Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m'. Seyè a reponn li: -Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. 3W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m'. 4Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la? 5Samyèl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m' nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou. 6Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l': -Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Seyè a chwazi. 7Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun. 8Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l' yo, li mennen l' bay Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi. 9Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi. 10Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l' yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: -Non, Seyè a pa chwazi yonn ladan yo. 11Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini. 12Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li. 13Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama. 14Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'. 15Moun k'ap sèvi Sayil yo di l' konsa: -Gade! Ou konnen Seyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou! 16Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman. 17Sayil di moun k'ap sèvi l' yo: -Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen. 18Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li. 19Se konsa Sayil voye kèk mesaje bò kote Izayi pou di li: -Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen. 20Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a. 21Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l' pou sèvi l'. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l' pou pote zam li yo. 22Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avè m'. Mwen renmen l' anpil. 23Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l', epi Sayil te soulaje, li te santi l' byen ankò.

¿Sabías que…?
La unción de David
- Belén, situada en la región montañosa de Judá, era el hogar de Jesé, descendiente de Booz y Rut. Aunque Jesé presentó a siete de sus hijos ante Samuel, David —el octavo y más joven, que apacentaba las ovejas de la familia— fue el elegido y ungido.Fuentes: Bethlehem · Jesse · David · el propio texto bíblico
- Cuando Samuel consideró inicialmente al primogénito de Jesé, Eliab, debido a su estatura, Dios le advirtió que los seres humanos juzgan por la apariencia externa, pero el Señor mira el corazón.Fuentes: el propio texto bíblico
- David entró inicialmente al servicio de Saúl no como guerrero, sino como un hábil arpista llamado para aliviar al rey en sus momentos de aflicción. Saúl llegó a apreciarlo mucho, manteniéndolo en la corte y nombrándolo su escudero.Fuentes: el propio texto bíblico · David · Saul
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org