Nations Bible

1 Reyes 14

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad. 2Jewoboram di madanm li: -Abiye ou yon jan pou pesonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete; se li ki te di m' mwen tapral gouvènen pèp Izrayèl la. 3W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwo myèl pou fè l' kado, ou v al lakay li. Sèten, l'a fè ou konnen sa ki pou rive pitit gason nou an. 4Se konsa madan Jewoboram ale lakay Akija lavil Silo. Akija te granmoun anpil, li pa t' wè nan je l' ankò. 5Seyè a te fè Akija konnen madan Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l' lan ki malad. Li te di l': -Lè madan Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l' sa m'a mete nan bouch ou pou di l'. Lè madan Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre. 6Men, lè Akija tande l' bri pye l' ap vini nan papòt la, li di l': -Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou. 7Ale di Jewoboram men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l': Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 8Mwen wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pa t' tankou David. sèvitè m' lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m' plezi ase. 9Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache. 10Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou. 11Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Seyè a menm ki di sa. 12Ou menm pou tèt pa ou, madan Jewoboram, leve non, tounen lakay ou. Rive w'a rive lavil la, pitit la ap mouri. 13Tout moun peyi Izrayèl yo va pran lapenn pou li, y'a antere l'. Nan tout fanmi Jewoboram lan, se li menm ase y'ap antere paske, nan tout fanmi an, se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 14Seyè a pral mete yon lòt wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral disparèt fanmi Jewoboram lan. Se pou jòdi a wi sa m'ap di la a. Se pou koulye a menm. 15Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a. 16Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou. 17Madan Jewoboram pati, li tounen lavil Tisra. Lè li fè sa l'ap antre lakay li, pitit la mouri. 18Moun pèp Izrayèl yo pran lapenn pou pitit la, yo antere l', jan Seyè a te di sa nan bouch pwofèt Akija a. 19Tout lòt bagay wa Jewoboram te fè yo, istwa lagè li te fè ak jan li te gouvènen peyi a, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 20Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l'. Se Nadab, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li. 21Woboram, pitit gason Salomon an, te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl la pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. 22Moun peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Seyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kolè Seyè a tonbe sou yo. 23Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa. 24Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la. 25Woboram te gen senkan depi li te wa lè Chichak, wa peyi Lejip la, atake lavil Jerizalèm. 26Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo. 27Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj an kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a. 28Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo pran gwo plak pwotèj yo pote yo vini. Lè l' ale, yo pote yo tounen nan sal gad la. 29Tout lòt bagay wa Woboram te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 30Pandan tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran. 31Lè Woboram mouri, yo antere l' nan tonm fanmi an nan lavil David la. Manman l' te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fotèy la nan plas papa l'.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El juicio sobre Jeroboam y la invasión de Judá

  • Cuando Abías, hijo de Jeroboam, cayó enfermo, el rey envió a su esposa disfrazada a Silo para consultar al profeta Ahías, quien originalmente había profetizado el reinado de Jeroboam. Aunque Ahías estaba ciego por la vejez, Dios le advirtió de su llegada, y el profeta anunció la ruina de la dinastía de Jeroboam y la muerte del niño en cuanto ella regresara a Tirsa.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahijah · Abijah · Tirzah
  • En el quinto año del reinado de Roboam en Jerusalén, el rey Sisac de Egipto invadió Judá y saqueó los tesoros del templo y del palacio real. Entre los bienes arrebatados estaban los escudos de oro fabricados durante la época de Salomón, los cuales Roboam sustituyó por escudos de bronce para la guardia real.Fuentes: el propio texto bíblico · Rehoboam · Solomon · Jerusalem
  • El capítulo resalta el conflicto constante y la división entre ambos reinos: Roboam gobernaba Judá desde Jerusalén, mientras que Jeroboam gobernaba las tribus del norte desde Tirsa, manteniéndose en continua guerra a lo largo de sus reinados.Fuentes: el propio texto bíblico · Jeroboam · Rehoboam · Tirzah

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Shiloh · Hoy: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículos 2, 4
  • Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 15
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 21, 25
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 25
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 31

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.