1 Corintios 13
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen. 2Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen. 3Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen. 4Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy. 5Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè. 6Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre. 7Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans. 8renmen pa janm fini. Pouvwa pou bay mesaj ki soti nan men Bondye a pa la pou tout tan. Pouvwa pou pale langaj gen pou fini yon lè, konesans gen pou disparèt. 9Paske, sa nou konnen, nou pa fin konnen l' nèt. Ata mesaj ki soti nan Bondye yo, nou pa fin bay yo nèt. 10Men, lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou l' disparèt. 11Lè m' te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, koulye a mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè. 12Konsa tou, sa nou wè koulye a, se tankou yon pòtre n'ap gade yon jan twoub twoub nan yon glas. Men, pita nou pral wè fasafas. Koulye a nou pa fin konn tout bagay. Men, pita n'a konnen nèt ale menm jan Bondye konnen nou an. 13Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.

¿Sabías que…?
El amor por encima de todos los dones
- Sin amor, dice el capítulo, hablar en lenguas de hombres y de ángeles es solo un gong que resuena o un címbalo que retiñe. Quien tiene profecía, poder para sondear todos los misterios y todo el conocimiento, y fe capaz de mover montañas no es nada; quien da a los pobres todo lo que posee, o entrega su propio cuerpo, no gana nada.Fuentes: el propio texto bíblico
- El amor es paciente y bondadoso. No envidia, no se jacta ni actúa con orgullo; no es grosero, no busca lo suyo ni se enoja con facilidad, y no lleva cuenta de las ofensas. No se complace en el mal, se alegra con la verdad y todo lo soporta, todo lo cree, todo lo espera y todo lo persevera.Fuentes: el propio texto bíblico
- El amor, dice el capítulo, nunca falla, pero las profecías cesarán, las lenguas serán contenidas y el conocimiento será dejado de lado. Lo que ahora se conoce y se profetiza es parcial, como el razonamiento de un niño o un reflejo tenue en un espejo, en vez de ver cara a cara. Permanecen la fe, la esperanza y el amor, y el mayor de ellos es el amor.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org