Nations Bible

1 Crónicas 25

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak: 2Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'. 3Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi. 4Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Maziòt. 5Bondye te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l' pou l' te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesaj Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo. 6Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a. 7Sa te fè antou desankatrevenwit (0288) mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a. 8Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la. 9-(We vèsè 31) 10-(We vèsè 31) 11-(We vèsè 31) 12-(We vèsè 31) 13-(We vèsè 31) 14-(We vèsè 31) 15-(We vèsè 31) 16-(We vèsè 31) 17-(We vèsè 31) 18-(We vèsè 31) 19-(We vèsè 31) 20-(We vèsè 31) 21-(We vèsè 31) 22-(We vèsè 31) 23-(We vèsè 31) 24-(We vèsè 31) 25-(We vèsè 31) 26-(We vèsè 31) 27-(We vèsè 31) 28-(We vèsè 31) 29-(We vèsè 31) 30-(We vèsè 31) 31Desankatrevenwit (0288) mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l' yo ansanm ak frè l' yo. Men nan ki lòd yo te soti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya, twazyèm lan Zakou, katriyèm lan Jisri, senkyèm lan Netanya, sizyèm lan Boukya, setyèm lan Acharela, wityèm lan Izayi, nevyèm lan Matanya, dizyèm lan Chimeyi, onzyèm lan Azareyèl, douzyèm lan Achabya, trèzyèm lan Choubayèl, katòzyèm lan Matatya, kenzyèm lan Jerimòt, sèzyèm lan Ananya, disetyèm lan Josbekacha, dizwityèm lan Anani, diznevyèm lan Maloti, ventyèm lan Elyata, venteyenyèm lan Oti, venndezyèm lan Gidalti, venntwazyèm lan Maziòt, vennkatryèm lan Womanti-Ezè.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Organización de los Músicos del Templo

  • El ministerio de los músicos levitas bajo Asaf, Hemán y Jedutún se describe como profetizar con arpas, liras y címbalos. Esto refleja una estrecha asociación bíblica entre la ejecución musical, la acción de gracias y la inspiración profética en el culto de Israel.Fuentes: el propio texto bíblico · Asaph (Levite) · Heman
  • Los músicos se organizaron en 24 divisiones de 12 miembros capacitados cada una, sumando un total de 288 cantores e instrumentistas adiestrados. Sus deberes y el orden de servicio se determinaban por sorteo, tratando a jóvenes y ancianos, maestros y alumnos, en igualdad de condiciones.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Los líderes de estas familias musicales ejercían destacados papeles espirituales; Asaf y Hemán son identificados como videntes, y la tradición atribuye varios salmos bíblicos directamente a ellos o a sus gremios.Fuentes: el propio texto bíblico · Asaph (Levite) · Heman · Jeduthun (Ethan)

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.