Nations Bible

1 Crónicas 22

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la. 2David bay lòd pou tout moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayèl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wòch pou bati Tanp Bondye a. 3Li fè pare fè an kantite pou fè klou ak kranpon pou batan pòt yo. Pou kwiv la menm, moun pa ka kalkile kantite li te fè pare. 4Pou bwa sèd, moun peyi Sidon ak moun lavil Tir te fè David jwenn sa an kantite. 5David t'ap di nan kè l': Salomon, pitit gason m' lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l' bati pou Seyè a, se li ki pou pi gwo, pi bèl pase dènye tanp, pou toupatou sou latè y'ap pale sou li. Se pou m' pare tout bagay kite pou li. Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa. 6Lèfini, li voye chache Salomon, pitit gason l' lan, li ba li lòd pou li bati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 7Li di l' konsa: -Pitit mwen, mwen te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. 8Men Seyè a fè m' konnen mwen touye twòp moun, mwen fè anpil lagè. Se poutèt sa se pa mwen ki pral bati tanp lan pou li, paske mwen fè twòp san koule. 9Men li di m' konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fè tout lènmi l' yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutèt sa y'a rele l' Salomon. Sou rèy li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè. 10Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fè l' toujou gen yon moun nan fanmi l' wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. 11Koulye a, pitit mwen, se pou Seyè a, Bondye w'ap sèvi a, toujou kanpe la avè ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomèt ou sa. 12Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la. 13Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè. 14Gade! Mwen bay kò m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyè a: twamil twasan (03.300) tòn lò, tranntwamil (033.000) tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou. 15Lèfini, w'ap jwenn anpil travayè, kantonye, moun pou taye wòch, chapant, ak anpil moun ki bòs nan tout kalite travay. 16Pou lò, ajan, kwiv ak fè, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyè a toujou kanpe la avè ou. 17Apre sa, David mande tout chèf pèp Izrayèl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l' lan. 18Li di yo konsa: -Seyè a, Bondye nou an, te toujou la avèk nou. Li fè nou viv nan lapè ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lòt moun ki rete nan peyi a, kifè tout peyi a soumèt nèt devan Seyè a ak devan pèp li a. 19Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati tanp Seyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Seyè a ladan l'.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Los preparativos de David para el templo

  • Aunque David deseaba edificar un templo para Dios, se le indicó que no lo haría porque había derramado mucha sangre y librado grandes guerras. En cambio, Dios prometió que su hijo Salomón —cuyo nombre hebreo significa pacífico— sería un hombre de descanso y edificaría la casa del Señor.Fuentes: el propio texto bíblico · Solomon
  • Al reconocer que su hijo Salomón era joven e inexperto, David hizo cuantiosos preparativos antes de su muerte. Reunió a los extranjeros residentes como canteros y acumuló enormes cantidades de hierro, bronce y troncos de cedro traídos por los sidonios y los tirios.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 4
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 4

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.