Nations Bible

1 Crónicas 19

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Apre sa, Nakach, wa lavil Amon, mouri. Se pitit gason li ki moute wa nan plas li. 2David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun, pitit Nakach la, paske papa l' te boule byen avè m'. Se konsa, David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Mesaje David yo rive lakay Anoun nan peyi moun Amon yo pou konsole l'. 3Men, chèf moun Amon yo di Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Wete sa nan tèt ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen sa k'ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou. 4Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen. 5Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò. 6Wa Anoun ak moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo pran mil pyès ajan, yo voye chache sòlda, cha lagè, ak kavalye kay moun Aram yo lavil Narayim, lavil Maka ak lavil Zoba pou vin goumen pou yo. 7Se konsa yo lwe sèvis tranndemil (032.000) cha lagè ki vin kanpe devan lavil Medeba ansanm ak wa lavil Maka a ak tout lame li a. Moun peyi Amon yo kite lavil yo, yo reyini ansanm pou pare pou batay la. 8David vin konnen sa. Li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo. 9Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil la. Wa ki te vin ede yo bò pa yo pran pozisyon nan plenn lan. 10Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan, ni sou dèyè. Sa l' fè, li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo. 11Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a. Li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo. 12Joab di Abichayi konsa: -Si nou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou. 13Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm. 14Joab ak sòlda ki te avè l' yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li. 15Lè moun peyi Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, frè Joab la, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab tounen tounen l' lavil Jerizalèm. 16Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo, yo voye yon mesaj bay moun Aram ki te lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou yo. Yo reyini lavil Elam. Se Chofak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo. 17Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li mache sou yo, li pran pozisyon devan yo. David ranje sòlda li yo pou li goumen ak moun Aram yo. Epi batay la konmanse. 18Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sòlda ki te sou sètmil (07.000) cha lagè ak karantmil (040.000) sòlda ki te apye. Yo touye Chofak, chèf lame lènmi an. 19Lè moun ki te avek Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak David. Yo soumèt devan li. Se konsa, moun Aram yo pa t' vle vin pote moun Amon yo sekou ankò.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La guerra contra Amón y los arameos

  • Cuando Janún, rey de los amonitas, sospechó de espionaje por parte de los emisarios de David, los humilló públicamente afeitándoles la barba y cortándoles la ropa. Para evitarles más vergüenza, David ordenó a los hombres que permanecieran en la ciudad oasis de Jericó hasta que les volviera a crecer la barba.Fuentes: el propio texto bíblico · Jericho
  • Ante la inminente guerra contra Israel, los amonitas pagaron mil talentos de plata para contratar carros y jinetes de reinos arameos como Soba, Aram-naharaim y Maaca. Al encontrarse con una batalla de dos frentes cerca de Medeba, Joab dividió las fuerzas israelitas, liderando tropas selectas contra los arameos mientras su hermano Abisai enfrentaba a los amonitas.Fuentes: el propio texto bíblico · Joab · Abishai · Medeba
  • Tras su retirada inicial, los arameos convocaron refuerzos del otro lado del río Éufrates bajo el mando de Sofac, comandante del rey Hadadezer de Soba. David cruzó personalmente el Jordán para derrotarlos, lo que llevó a los vasallos de Hadadezer a firmar la paz y retirar su apoyo a los amonitas.Fuentes: el propio texto bíblico · Hadarezer · Shobach · Zobah

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 1, 2, 3, 6, 7, 9, 11, 12, 15, 19
  • Jericho · Hoy: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 5
  • Maacah · 33.258, 35.581 · versículos 6, 7
  • Mesopotamia · Hoy: Aram-naharaim · 36.864, 39.033 · versículo 6
  • Zobah · 33.935, 36.151 · versículo 6
  • Medeba · Hoy: Madaba · 31.716, 35.795 · versículo 7
  • Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 10, 12, 14, 15, 16, 17, 18, 19
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 15
  • Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 16
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 17

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.