1 Crónicas 13
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1David reyini tout chèf lamè a, ni sa ki te alatèt rejiman mil (01000) sòlda yo ni sa ki te alatèt divizyon san sòlda yo, li pran konsèy nan men yo. 2Lèfini, David di pèp Izrayèl la: -Si nou wè se yon bon lide, si se volonte Seyè a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prèt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fè gadinaj, pou yo vin mete tèt yo ansanm ak nou, 3pou n' al chache Bwat Kontra Bondye nou an, paske nou te bliye l' pandan tout rèy Sayil la. 4Tout pèp la te dakò pou yo te fè sa, paske yo wè se te yon bon lide. 5Se konsa, David reyini tout pèp Izrayèl la nan tout peyi a, depi kannal Sikò sou fwontyè ak peyi Lejip la rive jouk Pas Amat la, pou y' al chache Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jarim. 6Se konsa li pati avèk tout pèp Izrayèl la, pou lavil Kiriyat-Jarim yo te rele Baala tou, nan peyi Jida, pou y' al chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo. 7Lè yo rive kay Abinadab, yo pran Bwat la, yo mete l' sou yon kabwa tou nèf. Ouza ak Akijo t'ap mennen kabwa a. 8David ansanm ak tout moun Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe gita ak bandjo, yo t'ap bat tanbouren ak senbal, yo t'ap kònen twonpèt. 9Lè yo rive bò glasi Kidon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l' pou kenbe Bwat Kontra a. 10Men, Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt, paske li pa t' dwe manyen Bwat Kontra a. Bondye touye l', Ouza mouri la menm devan Bondye. 11David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jòdi a. 12Lè sa a, David vin pè Seyè a, li di konsa: -M' pa wè ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avè m' koulye a! 13Se konsa, li pran desizyon pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan lavil David. Li fè yo pote l' kay Obèd-Edon, yon moun lavil Gat. 14Bwat la pase twa mwa lakay Obèd-Edon, Seyè a te beni fanmi Obèd-Edon ak tout bagay ki te pou yo.

¿Sabías que…?
El intento de trasladar el arca
- El arca del pacto había permanecido en la casa de Abinadab en Quiriat-jearim (también llamada Baala) desde que fue recuperada de los filisteos. David consultó con los líderes y reunió a israelitas desde el Sijor de Egipto hasta Lebo-hamat en el norte para trasladar el arca a Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico · Abinadab · Baalah
- Los hijos de Abinadab, Uza y Ahío, guiaban el carro nuevo tirado por bueyes que transportaba el arca, con Ahío caminando delante. Cuando los bueyes tropezaron en la era de Quirón, Uza extendió la mano para sostener el arca y murió allí, por lo que David llamó a ese lugar Pérez-uza.Fuentes: el propio texto bíblico · Uzzah · Ahio · Perez-uzza
- Tras la repentina muerte de Uza, David temió continuar hacia la Ciudad de David y desvió el arca hacia la casa de Obed-edom geteo. El arca permaneció allí durante tres meses, tiempo en el que su casa y todas sus posesiones fueron bendecidas.Fuentes: el propio texto bíblico · Uzzah
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 5
- Kiriath-jearim · Hoy: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · versículos 5, 6
- Baalah · Hoy: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · versículo 6
- Perez-uzzah · Hoy: within 1 km of Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11
- City of David · 31.774, 35.236 · versículo 13
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org