Zechariah 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade, e vwala te gen kat cha ki t ap soti parèt antre de mòn. Mòn yo te mòn ki fèt an bwonz. 2Nan premye cha a, te gen cheval wouj. Nan dezyèm cha a, te gen cheval nwa. 3Nan twazyèm cha a te gen cheval blan. Nan katriyèm cha a, te gen cheval takte yo, tout nan yo byen dyanm. 4Konsa mwen te pale. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye, mèt mwen?”
5Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a. 6Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan peyi nò a, epi blan yo te soti dèyè yo. Epi takte yo ap prale nan peyi sid la.” 7Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka mache ale retou sou tè a. Konsa, yo te mache ale retou sou tè a.
8Answit, li te rele m. Li te pale pou di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a, e yo te apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.”
9Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 10“Pran yon ofrann soti nan egzile yo, soti nan Heldaï, Tobija, ak Jedaeja. Ale nan menm jou a e antre lakay Josias, fis a Sophonie an, kote yo soti Babylone nan. 11Pran ajan ak lò, fè yon kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. 12Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a. 13Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’” 14Alò kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.
15Sila ki lwen yo va vin bati nan tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an.
Did you know?
The Four Chariots and the Coronation of the Branch
- The chapter opens with a vision of four chariots with different colored horses emerging from between two bronze mountains. An interpreting angel explains that these represent the four spirits or winds of heaven going forth from the presence of the Lord to patrol the earth.Sources: the Bible text itself
- Zechariah is instructed to collect silver and gold brought by exiles returning from Babylon and fashion an ornate crown for the high priest Joshua, son of Jehozadak. This symbolic act accompanies a prophecy concerning a ruler called the Branch, who would build the temple of the Lord and unite the roles of king and priest.Sources: the Bible text itself · Joshua · Josedech · Babylon
- After the symbolic coronation, the crown was to be kept inside the temple of the Lord as a lasting memorial honoring the returnees who provided the metal for its construction.Sources: the Bible text itself · Helem · Tobijah · Jedaiah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verse 10
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org