Nations Bible

Zechariah 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Konsa, li te montre mwen Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li. 2SENYÈ a te di a Satan: “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”

3Alò, Josué te abiye ak rad sal, e te kanpe devan zanj lan. 4Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: “Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”

5Mwen te di: “Kite yo mete yon tiban pwòp sou tèt li.”

Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.

6Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di: 7“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo. 8Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an. 9Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou. 10Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”

Did you know?

The Cleansing of Joshua the High Priest

  • Joshua, the son of Jozadak, served as the Jewish high priest alongside Zerubbabel after the return from exile. In Zechariah's vision, he stands before the angel of the LORD representing the restored community.Sources: Joshua · the Bible text itself
  • In Hebrew, the word rendered as Satan means adversary or accuser. In this passage, he stands at the right hand of Joshua in the manner of a courtroom accuser bringing charges against the high priest.Sources: Satan · the Bible text itself
  • The removal of Joshua's filthy garments and the granting of splendid robes and a clean turban visually signify the removal of iniquity and the renewal of the high priesthood.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.