Titus 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
3Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.
8Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
9Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
12Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13Byen vit, voye avoka a, Zénas ak Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.
15Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou nan lafwa yo. Ke lagras avèk nou tout.

Did you know?
Saved for Good Works
- Paul asks Titus to come to him at Nicopolis, where he has decided to spend the winter. Easton's Bible Dictionary (1897) says that Nicopolis means "city of victory," and that the city meant here was most probably the one in Epirus, built by Augustus Caesar to commemorate his victory at the battle of Actium in 31 B.C. The subscription at the end of the letter calls it "Nicopolis of Macedonia," but the dictionary regards that identification as probably incorrect.Sources: Nicopolis · the Bible text itself
- So that Titus can leave, Paul plans to send either Artemas or Tychicus. Easton's Bible Dictionary (1897) calls Tychicus an Asiatic Christian and a "faithful minister in the Lord," who traveled with Paul and is also described as having been with him at Rome, from where Paul sent him to Ephesus. Of Artemas, the same dictionary records only the name.Sources: Tychicus · Artemas · the Bible text itself
- Paul also asks Titus to equip Zenas the lawyer and Apollos so that they will have everything they need. Easton's Bible Dictionary (1897) knows Zenas only as a disciple called "the lawyer," and says that nothing more is known of him. Apollos, it records, was a Jew born in Alexandria, eloquent and well versed in the Scriptures, whom Aquila and Priscilla instructed more fully before he went on to Corinth.Sources: Zenas · Apollos · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Nicopolis · 39.023, 20.737 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org