Ruth 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou? 2Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a. 3Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè. 4Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.”
5Epi li te di li: “Tout sa ou di m fè, mwen va fè l.” 6Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo. 7Lè Boaz te fin manje ak bwè, kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la. 8Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman santi yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li. 9Li te di: “Kilès ou ye?”
Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.”
10Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv. 11Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se yon fanm plen kalite. 12Alò, se vre ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m. 13Rete pou nwit lan e lè maten rive, si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.”
14Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: “Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.” 15Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te antre nan vil la.
16Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?”
Epi li te di li tout sa ke nonm nan te fè pou li. 17Li te di: “Men sis mezi lòj li te ban mwen yo, paske li te di: ‘Pa kite men a bèlmè ou vid.’”
18Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.”

Did you know?
Ruth at the Threshing Floor
- Winnowing barley often took place during the evening when cooling breezes helped separate the grain from the chaff. Landowners like Boaz stayed overnight at the threshing floor to sleep beside their heaps of harvest and protect the grain.Sources: the Bible text itself
- Ruth asked Boaz to spread the corner of his garment over her, an action signifying marriage and protection under the custom of the family redeemer. Boaz praised her loyalty and character, noting her dedication to Naomi rather than pursuing younger suitors.Sources: the Bible text itself · Boaz
- Although Boaz was a wealthy relative of Naomi and her late son Mahlon, he noted that another family member had a closer kinship and therefore held the first legal right to redeem the family property and marry Ruth.Sources: the Bible text itself · Boaz · Ruth
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org