Nations Bible

Romans 12

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

3Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.

9Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

14Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

20“Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

e si li swaf, bay li bwè.

Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

21Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Living Sacrifice and One Body

  • Romans 12 urges the brothers, on account of God’s mercy, to offer their bodies as living sacrifices, holy and pleasing to God, and calls this their spiritual service of worship. That image of a sacrifice that remains alive stands beside the appeal not to be conformed to this world, but to be transformed by the renewing of the mind, so as to test and approve what is God’s good, pleasing, and perfect will.Sources: the Bible text itself
  • The community is compared to one body with many members that do not all have the same function: in Christ the many are one body, and each member belongs to the others. Different gifts are traced to the grace given—prophecy in proportion to faith, serving, teaching, encouraging, generous giving, diligent leading, and cheerful mercy—while each person is told to think with sober judgment, according to the measure of faith God has given, and not more highly than he ought.Sources: the Bible text itself
  • The chapter forbids repaying evil for evil and taking vengeance, telling the beloved to leave room for God’s wrath and, if possible on their part, to live at peace with everyone. It appeals to what is written—that vengeance belongs to the Lord, who will repay, and that a hungry enemy should be fed and a thirsty one given a drink, which will heap burning coals on his head—and it ends by urging them not to be overcome by evil, but to overcome evil with good.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.