Nations Bible

Revelation 9

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a fòs labim nan te bay a li menm. 2Li te ouvri labim nan, e lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan.

3Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè, epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a. 4Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen so Bondye a parèt sou fon yo. 5Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa. Epi toumant yo te tankou toumant a yon eskòpyon lè l pike yon moun.

6Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.

7Aparans a krikèt yo te tankou cheval ki prepare pou batay. Sou tèt yo te gen bagay tankou kouwòn an lò, e figi yo te tankou figi a moun. 8Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e dan yo te tankou dan lyon. 9Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay. 10Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan. Epi nan ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan senk mwa. 11Yo gen kòm wa sou yo, zanj labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.

12Premye malè a te gen tan fin pase. Gade byen, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.

13Answit, sizyèm zanj lan te sone. Mwen te tande yon vwa ki sòti nan kat kòn lotèl an lò ki devan Bondye a. 14Youn t ap di a sizyèm zanj ki te gen twonpèt la: “Lage kat zanj ki mare bò kote gwo Larivyè Euphrate la.”

15Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite. 16Kantite lame ki te sou cheval yo te de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.

17Konsa, mwen te wè nan vizyon an, cheval ak sila ki te chita sou yo a. Chevalye yo te gen pwotèj lestomak menm koulè ak dife, jasent, ak souf, e tèt cheval yo tankou tèt lyon. E se dife, lafimen ak souf ki t ap sòti nan bouch yo. 18Yon tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a. 19Paske pouvwa a cheval yo se nan bouch yo ak nan ke yo. Paske ke yo tankou sèpan e yo gen tèt; e avèk yo, yo fè mal yo.

20Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.

Did you know?

The Abyss, the Destroyer, and the Euphrates

  • In Revelation 9, the locusts are ruled by the angel of the Abyss, named Abaddon in Hebrew and Apollyon in Greek. Easton's Bible Dictionary (1897) explains the Hebrew name as destruction and the Greek name as destroyer, and suggests taking the word as a personification of the idea of destruction or as Sheol, the realm of the dead. It notes that the Hebrew word is translated destruction in Job and Proverbs, while the Revised Version keeps Abaddon in the last three of those passages.Sources: the Bible text itself · Apollyon
  • In Revelation 9, the sixth trumpet releases four angels bound at the great river Euphrates. Easton's Bible Dictionary (1897) gives the Hebrew name Perath, the Assyrian name Purat, and the Persian cuneiform form Ufratush, from which the Greek Euphrates comes; it says the Greek name means sweet water and the Assyrian name means the stream or the great stream. In Scripture the river is often simply the river or the great river, named as one of the rivers of Paradise and as a boundary of the land promised to Abraham's descendants.Sources: the Bible text itself · Euphrates
  • Revelation 9 presents the fifth trumpet as the first of three woes. Its locusts may torment people for five months with a sting like a scorpion's, but they are not permitted to kill. After that woe passes, the horses seen at the sixth trumpet kill a third of humankind by fire, smoke, and sulfur from their mouths.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.