Revelation 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1“A zanj nan legliz Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:
2“Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.
4“Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an. 5Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti. 6Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.
7“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.
8“A zanj legliz Smyrne lan, ekri: Premye ak dènye a, ki te mouri an, e ki te retounen a lavi a, di sa a: 9Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.
10“Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.
11“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.
12“A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen nepe file de bò a, di sa a:
13Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.
14“Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral. 15Konsa tou, nou gen kèk moun ki, nan menm jan an, k ap kenbe sou ansèyman Nikolayityen yo.
16“Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.
17“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.
18“A zanj a legliz nan Thyatire a, ekri: Fis Bondye a, ki gen zye tankou yon flanm dife a e pye tankou bwonz poli a, di sa a: 19Mwen konnen zèv nou yo, lanmou nou, lafwa, sèvis, ak pèseverans, e ke zèv nou dènye tan sa yo pi gran pase avan yo.
20“Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl. 21Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.
22“Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo. 23Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.
24“Men Mwen di nou, rès moun ki nan Thyatire yo, ki pa kenbe a doktrin sila a, ki pa t konnen bagay pwofon a Satan yo, jan yo rele yo a, Mwen pa mete lòt fado sou nou. 25Sepandan kenbe fèm a sa nou genyen an jiskaske M vini.
26“Sila ki venkè a, e sila ki kenbe zèv Mwen yo jiska lafen an, a li menm Mwen va bay otorite sou nasyon yo. 27Li va gouvène yo avèk yon baton fè, tankou veso ajil ki vin kraze an mòso, jan Mwen menm te resevwa otorite soti nan Papa M nan; 28epi Mwen va ba li zetwal maten an.
29“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo”.

Did you know?
Messages to the Four Churches
- Ephesus was the capital of proconsular Asia and bore the Roman title of the first and greatest metropolis of the province. It was famous across the ancient world for its open-air theatre seating 50,000 spectators and for housing the chief shrine and temple of Diana.Sources: Ephesus · the Bible text itself
- Pergamum, the chief city of Mysia situated near the Caicus River, is described in the letter as the place where Satan's throne sits. The text commends the believers there for maintaining their faith even when Antipas, called a faithful witness, was killed in the city.Sources: Pergamum · Antipas · the Bible text itself
- Located between Lydia and Mysia, the city of Thyatira was celebrated for its textile dyeing industry, as confirmed by ancient inscriptions mentioning its guild of dyers. In the New Testament, Lydia, a seller of purple-dyed cloth, hailed from this city.Sources: Thyatira · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Ephesus · 37.939, 27.341 · verse 1
- Smyrna · Today: Izmir · 38.419, 27.138 · verse 8
- Pergamum · Today: Pergamon · 39.132, 27.184 · verse 12
- Thyatira · Today: Akhisar · 38.920, 27.837 · verses 18, 24
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org